Skip to main content

Posts

Showing posts from September, 2023

Ti douv, gran douv

Foto 1.- Ka kontaminasyon Dicrocoelium dentriticum lakay yon kabrit femèl ki sòti Lestè. Abatwa kominal Kwadèmisyon. Félix Christ-Love 2022 Douv se yon parazit nou jwenn jeneralman kote ki gen ma dlo, marekaj ak zèb. Nou jwenn li lakay plizyè gwoup bèt men alafen se lakay bèt ki manje zèb yo li renmen rete. Genyen de kategori douv : ti douv, gran douv.   Ti douv la ki gen pou non syantifik Dicrocoelium dentriticum lakoz yon maladi yo rele dikwoselyoz. Sik devlopman Dicrocoelium dentriticum la se : kalmanson – foumi – bèt oswa moun (Leberegel, 2021). Nan ka  Dicrocoelium dentriticum kanal yo ki mennen bil la parèt dilate epi li blanch. Lè ou pèse kanal yo, wap wè bil la parèt tou nwa epi wap wè tou vè  Dicrocoelium dentriticum yo . Fwa parèt gonfle, epi se tankou li pouri avèk yon bann tach blanch sou li (Troncy, 1981). Genyen de jiska twa kategori gran douv ki se Fasciola hepatica , Fasciola gigantica , Fascioloides magna . Nan travay sa, nap pale de Fasciola hepa...

Stwonjiloz, yon maladi respiratwa lakay bèt yo

Stwonjiloz se yon malady parazit lakoz lakay riminan yo. Nou jwenn maladi stwonjiloz la nan plizyè ògàn lakay bèt la pami yo ògàn aparèy dijestif yo ak ògàn aparèy respiratwa yo. Gen plizyè kategori vè tou ki ka lakoz malady sa a. Dorcéus an 1994 te deja ekri sou enpotans stwonjiloz an Ayiti. Félix an 2022 ta praleidantifye kèk ka enfestasyon stwonjiloz ak Dictyocaulus filaria lakay kabrit ak mouton ak Muellerius capillaris lakay mouton nan zòn Kwadèboukè, Lestè ak Titanyen.  Vè Dictyocaulus filaria a se yon vè blan ki fè ant 30 a 80 milimèt. Vè mal la abitye parèt sou fòm yon chosèt. Yo jwenn li pi fasil nan tiyo ògàn respiratwa yo (trache) ak nan bwonch yo. (Titi, 2019) Sou vyann nan, nan premye peryòd enfestasyon an,w kapab detekte prezans Dictyocaulus filaria gras ak yonfenomèn yo rele atelektazi. Nan fenomèn sa a, poumon yo parèt tankou yo degonfle. Lè enfestasyon an gentan rive 4 pou 8 semèn, poumon an vin parèt trase ak plizyè ti kazye ki yon koulèwouj diven. (Bensid, 2018) ...

Sou lanbi, palaso, chatwouj ak lòt ankò

Foto 1: Specimèn kou malakoloji - Laboratwa Zowoloji. Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè. Félix Christ-Love (2023) Pami bèt nou plis abitye ak yo an Ayiti, nan komès, kuizin oswa nan anviwònman nou, genyen gwoup yo rele « bèt a kò mou san eskèlèt» yo. Nan gwoup sa a, yo rekonèt genyen 85 000 espès anviwon. Nou jwenn bèt sa yo nan lanmè tankou sou latè. Kèk ladan yo nou plis konnen an Ayiti se kalmanson, chatwouj, lanbi, palaso. Nou manje yo, epi nou itilize kokiyaj yo pou dekorasyon. Se toujou yon lakontantman pou nou mete zorèy nou nan kèk kokiyaj pou nou tande « bri vag lanmè » a. Men kokiyaj yo gen plis itilite ak istwa ke sa nou konnen bò lakay nou yo. Nan tèks sa a, nap jwenn yon devlopman sou itilite “bèt a kò mou san eskèlèt” yo, plas yo nan alimantasyon nou, nan anviwònman nou ak danje yo kapab reprezante. Nap jwenn tou kèk referans imaj kap ede nou idantifye kèk ladan yo. Nou kapab kenbe 5 gran itilite lakay yo : 1) Yo ede nan siveye evolisyon (kalite) anviwonman an. Journal ...

Idatidoz, yon zowonoz nan asyèt nou

  Foto 1.-  Idatidoz  sou fwa yon kabrit mal  nan abatwa Kominal Kwadèmisyon. Félix Christ-Love - 2022 Dezyèm maladi n ap wè se idatidoz. Idatidoz se yon zowonoz, sa vle di se yon maladi bèt kapab bay moun. Vè sa viv lakay chen. Li soti nan kaka chen an epi van, dlo pote li nan dlo ak zèb kabrit, mouton, bèf ak cheval ap manje. Se vè ki rele Echinococcus granulosus ki se etap lav Ténia echinocoque la ki lakoz maladi sa a. Nou kapab rekon èt vè sa nan vyann nan lè nou wè sou fwa oswa poumon bèt la de blad dlo ki prèske eklate ki genyen ladan li plizyè ti grenn blan ki bay aspè sab. Ti grenn blan sa yo se tèt vè Echinococcus granulosus yo. Nan ka kote gen lòt bakteri nan vyann nan, blad sa yo kapab tounen abse ki kapab swag en pij oswa kalk è. Nan lane 2002 rive 2003, dapre yon etid Dr Blaise te fè nan kat z òn nan Lapl èn (Kwadèboukè, Bon repo, Damyen, Taba), sou 80 chen yo te analize dechè yo, 17 te genyen vè ki lakoz idatidoz la. Etid Blaise yo te rap òte tou pr...

Anisakis, ti vè blan nan aransò yo

 Foto 1.- Anisakis spp nan yon arans ò.  F é lix Christ-Love, 2022 Dènye tan sa yo, anpil konsomatè remake lè yo achte aransò, pwason yo genyen de ti vè blan anndan yo. Vè sa yo se sa yo rele Anisakis . Kisa yo ye ? Ki kote yo sòti ? Ki danje ki gen ladan yo? Jodiya nap debat sijè sa a. Anisakis yo fè pati kategori vè won. Yo ka blanch oswa yon koulè wouj ki atire sou nwa epi yo parèt on jan tòde. Ou jwenn Anisakis pi souvan lakay bèt nan dlo sale. Yo pako jwenn vè sa lakay bèt dlo dous yo ak bèt ki soti nan elvaj. Men sa rive deja yo jwenn li lakay pwason ki fè migrasyon yo, sa vle di pwason ki konn fè aleretou nan dlo sale ak dlo dous. W plis jwenn Anisakis nan pati abdomèn pwason yo ak nan pati yo rele visè yo. Men sa konn rive tou vè an rive nan chè pwason an menm. Anisakis yo alèz pou yo rete lakay gwo pwason tankou dofen, reken yo. Men lè gwo pwason yo rejte yo, yo al kontamine “kristase” tankou chevrèt yo. Ti pwason tankou aran, jòfi ak « sefalopod » t...

Byenvini !

Byenveni sou  LES LETTRES DE FELIX Blòg sa a se yon zouti pou pwopaje konesans syantifik. M ap pibliye sou li rezilta rechèch mwen, etid m ap fè ak liv mwen li. Tèm santral la se Ijyèn aliman yo ak rapò yo nan sante moun men n ap jwenn divès lòt sijè ki toujou rete nan kad syantifik la. Se yon mwayen pou m ede nan rann konesans disponib ak aksesib sitou nan kominote mwen. Pou sit la kapab touche plis moun, tèks yo ap pibliye an kreyòl, fransè ak anglè. Pase li ak nou ! 😊😊😊

Jen 2022, nan lopital Kanbera nan peyi Ostrali, yo jwenn premye ka Ascaris nan sèvo yon moun

Foto 1: Lav  Ophidascaris robertsi vivan yo t e   d e kouvri nan s è vo yon fanm  64 lan e  nan p e yi Ostrali Nan peyi Ostrali, nan lopital Kanbera, nan mwa jen 2022 pandan yon operasyon, kèk doktè ta prale dekouvri pou premye fwa yon vè vivan Ophidascaris robertsi , ki mezire 8 santimèt nan sèvo yon fanm 64 lane. Se premye fwa menm yo jwenn vè sa lakay moun. Yo jwenn li jeneralman lakay piton. Men madanm sa te fè konnen li pa janm manje sèpan nan vi li. Apre envestigasyon, yo ta pral aprann madanm sa te rete nan yon zòn ki gen anpil piton epi tou li ta pral di ke li abitye rekolte zèb nan nan zòn on lak pou li manje. Premye sentom enfestasyon yo te parèt anviwon nan janvye 2021. Nan menm mwa sa a, madanm nan te ale lopital pask suivan sa l te di, depi twa semèn li tap soufri ak doulè nan vant, dyare, fyèv, tous epi li tap plede swe lannuit. Doktè yo te dekouvri li te soufri enfeksyon parazitè ak pwoblèm twoub nan san. Malgre li te rete sou siveyans medikal, madan...

Sistisèkoz, kisa li ye?

Foto 1: Ka Cysticercus tenuicollis sou fwa yon mouton nan abatwa Kominal Kwadèmisyon. Félix Christ-Love - 2022 Nou souvan tande pale de vè Taenia , ebyen pami diferan espès Taenia yo, genyen Taenia ovis ak Taenia hydatigena ki yo menm lè yo poko rive nan faz granmoun, sa vle di lè yo nan faz « lav », yo rele yo sistisèk. Se yo menm ki koresponn ak de vè ki lakoz maladi sistisèkoz lan lakay kabrit ak mouton. Non vè sa yo se Cysticercus ovis (lav Taenia ovis ) ak Cysticercus tenuicollis (lav Taenia hydatigena ). Apre yon ka Cysticercus ovis yo te jwenn lakay yon fanm nan peyi Ouzbekistan, pa gen etid ki di yo dekouvri vè sa lakay moun ankò. Men akoz yo te dekouvri l yon fwa, li rete yon risk zowonoz kidonk li mande pou moun pridan nan sa yap manje ki kapab genyen vè sa. Etid Dr Jacques Blaise te fè nan lane 1992 pou rive 1993 nan 16 pi enpòtan abatwa nan peyi Dayiti te deja konfime prezans Cysticercus ovis lakay kabrit, mouton ak bèf an Ayiti. Etid Felix Christ-Love nan lane 2022 ...