Stwonjiloz se yon malady parazit lakoz lakay riminan yo. Nou jwenn maladi stwonjiloz la nan plizyè ògàn lakay bèt la pami yo ògàn aparèy dijestif yo ak ògàn aparèy respiratwa yo. Gen plizyè kategori vè tou ki ka lakoz malady sa a. Dorcéus an 1994 te deja ekri sou enpotans stwonjiloz an Ayiti. Félix an 2022 ta praleidantifye kèk ka enfestasyon stwonjiloz ak Dictyocaulus filaria lakay kabrit ak mouton ak Muellerius capillaris lakay mouton nan zòn Kwadèboukè, Lestè ak Titanyen.
Vè Dictyocaulus filaria a se yon vè blan ki fè ant 30 a 80 milimèt. Vè mal la abitye parèt sou fòm yon chosèt. Yo jwenn li pi fasil nan tiyo ògàn respiratwa yo (trache) ak nan bwonch yo. (Titi, 2019) Sou vyann nan, nan premye peryòd enfestasyon an,w kapab detekte prezans Dictyocaulus filaria gras ak yonfenomèn yo rele atelektazi. Nan fenomèn sa a, poumon yo parèt tankou yo degonfle. Lè enfestasyon an gentan rive 4 pou 8 semèn, poumon an vin parèt trase ak plizyè ti kazye ki yon koulèwouj diven. (Bensid, 2018)
Vè Muellerius capillaris la li menm,li ta vle parèt yon jan mawon, li fè an mwayèn 12 rive 23 mm epi yo plis jwenn li nan ti bwonch yo (Kohil, 2022).. Sou vyann nan, prezans Muellerius capillaris manifeste ak de ti grenn, yon koulè jòn atire sou gri, ki fè tankou se plon gaye ki sou poumon an. (Bensid, 2018).
Malgré tou sa, sa konn rive vè ki responsab stwonjiloz yo deplase ale nan fwa bèt la.
Lè maladi a atake aparèy respiratwa a li, bèt ki genyenstwonjiloz la ap genyen tous, difikilte pou respire, rim. Konsa tou, bèt la gendwa pa prezante okenn siy tous, se difikilte pou respire a kap alète lè konsa a sou kondisyon bèt la. (Bamambita, 2009). Men pou genyen yon rezilta definitif se egzamen aparèy respiratwa bèt la oswa prezans vè yo nan poupou li ki ap di si se maladi a vrèman ki ap manifeste (Titi, 2019).
Pou trete maladi sa lakay bèt yo, li rekòmande pou nou ba yo antèlmentik. Stwonjiloz la pa yon zowonoz, men lè yo jwenn enfestasyon sa lakay bèt yo, yo jete ògàn vè a plis vize yo ki se ògàn aparèy respiratwa yo, fwa ak entesten (trip) yo.
Referans :
- Bamambita S. P., 2009. Etude des lésions pulmonaires du petit ruminant aux abattoirs de Dakar (Sénégal). Thèse de Docteur Vétérinaire. Université Cheikh Anta Diop de Dakar. Ecole Inter-Etats des Sciences et Médecine Vétérinaire de Dakar. Dakar. Sénégal. 110 p.
- Bensid A. 2018. Hygiène et inspection des viandes rouges. Edition Djelfa. Alger. Algérie. 988p.
- Dorcéus M. A., Blaise J., Millien M., 1994. Étude épidémiologique sur le parasitisme gastro-intestinal des caprins et des ovins dans 2 niches écologiques différentes du département de l’Ouest d’Haïti. Recherche et Développement Rural (RDR), Centre de Recherche et de Documentation Agricole (CRDA), MARNDR, 17-33, 17p.
- Félix C. L., 2022. Étude de la prévalence des parasitoses larvaires et imaginales du foie et du poumon des petits ruminants au poste d’abattage communal de La Croix des Missions. Mémoire de fin d’études, agronomie. Université d’Etat d’Haïti (UEH). Faculté d’Agronomie et de Médecine Vétérinaire (FAMV), Damien, Haïti, 60 p
- Kohil K., 2022. Les strongyloses respiratoires des petits ruminants. [En ligne] [Consulté le 01 mars 2023 à 4 : 22 PM]. Disponible sur internet : URL : https://fac.umc.edu.dz/vet/Cours_Ligne/cours_22_23/Parasitologie_A4/strongyloses_respiratoires_petits_ruminants.pdf
- Titi A., 2019. Strongyloses respiratoires des petits ruminants. [En ligne] [Consultée le 12 juillet 2022 à 6 : 13 PM]. Disponible sur internet : https://fac.umc.edu.dz/vet/Cours_Ligne/cours_20_22/Strongyloses_respiratoires_des_petits_ruminants.pptx
- Titi A., 2019. Strongyloses respiratoires des petits ruminants. [En ligne] [Consultée le 12 juillet 2022 à 6 : 13 PM]. Disponible sur internet : https://fac.umc.edu.dz/vet/Cours_Ligne/cours_20_22/Strongyloses_respiratoires_des_petits_ruminants.pptx
Comments
Post a Comment