Skip to main content

Jen 2022, nan lopital Kanbera nan peyi Ostrali, yo jwenn premye ka Ascaris nan sèvo yon moun






Foto 1: Lav Ophidascaris robertsi vivan yo te dekouvri nan sèvo yon fanm 64 lane nan peyi Ostrali

Nan peyi Ostrali, nan lopital Kanbera, nan mwa jen 2022 pandan yon operasyon, kèk doktè ta prale dekouvri pou premye fwa yon vè vivan Ophidascaris robertsi, ki mezire 8 santimèt nan sèvo yon fanm 64 lane. Se premye fwa menm yo jwenn vè sa lakay moun. Yo jwenn li jeneralman lakay piton. Men madanm sa te fè konnen li pa janm manje sèpan nan vi li. Apre envestigasyon, yo ta pral aprann madanm sa te rete nan yon zòn ki gen anpil piton epi tou li ta pral di ke li abitye rekolte zèb nan nan zòn on lak pou li manje.

Premye sentom enfestasyon yo te parèt anviwon nan janvye 2021. Nan menm mwa sa a, madanm nan te ale lopital pask suivan sa l te di, depi twa semèn li tap soufri ak doulè nan vant, dyare, fyèv, tous epi li tap plede swe lannuit. Doktè yo te dekouvri li te soufri enfeksyon parazitè ak pwoblèm twoub nan san. Malgre li te rete sou siveyans medikal, madanm nan ta pral devlope yon lane apre lòt sentom tankou pèt memwa ak yon eta depresif. Gras ak egzamen IRM yo ta pral fè pou li, yo ta pral dekouvri li genyen tankou yon blesi nan pati fwon li anndan tèt li. Se sa ki ta pral fè yo fè nan mwa jen 2022 operasyon ki ta pral fè dekouvri vè Ascaris la. Se afòs vè a deplase nan kò malad la ki fè li rive nan sèvo li. 

Yo pa t fè lòt egzamen pou li pou yo te rive konnen si li genyen vè nan lòt pati nan kò li anko. Men, yo ba li medikaman epi yo kenbe ka sou siveyans akoz se premye fwa yap trete yon ka konsa.

Ophidascaris robertsi a fè pati fanmi Ascarididae. Si vè sa parazite sèpan, nan menm fanmi Ascarididae a, nou jwenn lot espès vè ki parazite lot bèt tout tankou kochon, mouton, kabrit, elatriye. Dorcéus M. A. nan kolaborasyon ak Blaise J. epi Milien M. nan lane 1994, te soulinye prezans Ascaris lakay kabrit ak mouton an Ayiti. Félix an 2022, ta pral rekonfime prezans Ascaris ovis lakay kabrit ak mouton epi menm note yon ogmante nan nivo enfestasyon an. Siy kontaminasyon ak Ascaris lakay bèt yo angwo se apeti yo ki bese, tous, dyare. Pi bon fason pou w sètifye yon bèt gen Ascaris se nan analiz kaka bèt la ak nan analiz visè li yo tankou zo tèt li, sèvo l, tout pati ki anndan kaj torasik la. Men, jeneralman kèk mwa apre li enfeste, bèt la voye parazit la deyò nan kaka li. Se konsa, parazit la pral rive gaye kò li epi rekòmanse chèn kontaminasyon an.

 

Pou plis enfòmasyon, nap jwenn atik orijinal la nan jounal The Guardian sou tit: « Oh my God » : live worm found in Australian woman’s brain world-first discovery - nan dat 28 out 2023.


Foto 2: Imaj lezyon Ophidascaris robertsi nan sèvo madanm 64 lane a 

 

Comments

Popular posts from this blog

Atansyon ak maladi chabon !

Kisa  “ maladi   chabon ” an  ye  ?  Chabon se yon maladi yon bakteri (nou pa kapab wè li sou je) kirele « Bacillus anthracis » lakoz, nou jwenn li nan tout peyi nan mond lan e sitou lakay mamifè yo (domestik, elvaj tankousovaj). Men bèt ki manje zèb yo pi fasil trape li (bèf, cheval, kabrit, mouton…). Zwazo yo ka trape maladi chabon tou, men li pa fasil. Youn nan gwo pwoblèm ki genyen ak Bacillus anthracisla, sèke li pa janm fin disparèt vre. Lè li pa jwenn bon kondisyonpou li devlope, bakteri a vin fòme yon koki. Li rete kache anndan koki sa jiskaske kondisyon yo vin pi bon. Koki sa kakache nan tè a, nan manje bè yo, nan dlo. Se sa ki fè, li konseyepou yo pa itilize keseswa pou fè jaden osinon pou gade bètteren/ espas kote bèt ki te gen maladi a te pase. Maladi chabon gen yon enterè pou sante tankou pou sekiriteakoz nan lane 2001, nan peyi Etazini, de moun voye nan lapòsde koli pyeje ak Bacillus anthracis sa ki te vin lakoz 22 moun te trape maladi a epi 5 te ...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...