Foto 1: Ka Cysticercus tenuicollis sou fwa yon mouton nan abatwa Kominal Kwadèmisyon. Félix Christ-Love - 2022
Nou souvan tande pale de vè Taenia, ebyen pami diferan espès Taenia yo, genyen Taenia ovis ak Taenia hydatigena ki yo menm lè yo poko rive nan faz granmoun, sa vle di lè yo nan faz « lav », yo rele yo sistisèk. Se yo menm ki koresponn ak de vè ki lakoz maladi sistisèkoz lan lakay kabrit ak mouton. Non vè sa yo se Cysticercus ovis (lav Taenia ovis) ak Cysticercus tenuicollis (lav Taenia hydatigena). Apre yon ka Cysticercus ovis yo te jwenn lakay yon fanm nan peyi Ouzbekistan, pa gen etid ki di yo dekouvri vè sa lakay moun ankò. Men akoz yo te dekouvri l yon fwa, li rete yon risk zowonoz kidonk li mande pou moun pridan nan sa yap manje ki kapab genyen vè sa.
Etid Dr Jacques Blaise te fè nan lane 1992 pou rive 1993 nan 16 pi enpòtan abatwa nan peyi Dayiti te deja konfime prezans Cysticercus ovis lakay kabrit, mouton ak bèf an Ayiti. Etid Felix Christ-Love nan lane 2022 sou kabrit ak mouton ki sòti nan zon Lestè, Kwadèboukè ak Titanyen ta pral konfime prezans Cysticercus tenuicollis epi endike nan ki nivo maladi a gaye lakay bèt yo pa rapò a dènye etid Blaise te fè an 1992-1993 la.
Gen plizyè aspè nan vyann nan nou kapab gade pou nou konnen si vè Cysticercus ovis oswa Cysticercus tenuicollis prezan ladan li. Pou Cysticercus ovis, siy yo se de ti kis ki sanble ak grenn diri nou ap wè ki swa nan kè bèt la, nan trip li, fwa l oswa nan vyann li. Li pa fasil pou w dekouvri prezans Cysticercus tenuicollis lè vè a fenk ap miltipliye nan vyann bèt la. Men, lè vè yo gentan lwen nan devlopman yo, nou kapab wè de blad dlo ki gen ladan yo yon ti grenn blan sou fwa a, grenn blan sa a, se tèt vè a li ye. Lòt siy nou kapab wè tou se ti boul blan ki kole sou peritwàn nan. Cysticercus ovis la rete sitou nan vyann bèt la pandan Cysticercus tenuicollis plis rete nan fwa li.
Ou pa kapab annik gade yon bèt pou w i si li gen vè sistisèk yo lakay li. Vè sa frajil anpil pou chen akoz se lakay chen li alèz pou li rete menm e se nan manje manje ki kontamine ak kaka chen ki genyen vè a, kabrit ak mouton trape maladi a. Se pou sa li konseye lè nou gen bèt, pou nou pa kite chen antre nan mitan yo pou evite yo pwopaje maladi a.
Kote tout prensip ijyèn yo respekte, lè yo jwenn vyann sa yo, yo jete yo pou moun pa manje yo paske jan nou te di a sitou nan ka Cysticercus ovis risk zowonoz lan la, alòs evite miyò pase mande padon.
Apre antèlmentik yo kapab bay chen, pa gen medikaman pou bèt ki trape sistisèkoz yo paske depi vyann nan kontamine li tou kondane.
Referans :
Blaise J., 2001. Prévalence et fréquence des lésions parasitaires du foie et du poumon des ruminants en Haïti. Revue Médecine Vétérinaire, 152.3, 269-274, 6p.
Félix C. L., 2022. Étude de la prévalence des parasitoses larvaires et imaginales du foie et du poumon des petits ruminants au poste d’abattage communal de La Croix des Missions. Mémoire de fin d’études, agronomie. Université d’Etat d’Haïti (UEH). Faculté d’Agronomie et de Médecine Vétérinaire (FAMV), Damien, Haïti, 60 p
Foto 2.- Ka Cysticercus tenuicollis sou fwa yon kabrit nan abatwa Kominal Kwadèmisyon. Félix Christ-Love - 2022
Foto 3.- Cysticercus tenuicollis - Laboratwa Parazitoloji. Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè. Inivèsite Leta Ayiti. Damyen. Kredi foto : Félix Christ-Love
Comments
Post a Comment