Foto 1: Specimèn kou malakoloji - Laboratwa Zowoloji. Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè. Félix Christ-Love (2023)
Pami bèt nou plis abitye ak yo an Ayiti, nan komès, kuizin oswa nan anviwònman nou, genyen gwoup yo rele « bèt a kò mou san eskèlèt» yo. Nan gwoup sa a, yo rekonèt genyen 85 000 espès anviwon. Nou jwenn bèt sa yo nan lanmè tankou sou latè. Kèk ladan yo nou plis konnen an Ayiti se kalmanson, chatwouj, lanbi, palaso. Nou manje yo, epi nou itilize kokiyaj yo pou dekorasyon. Se toujou yon lakontantman pou nou mete zorèy nou nan kèk kokiyaj pou nou tande « bri vag lanmè » a.
Men kokiyaj yo gen plis itilite ak istwa ke sa nou konnen bò lakay nou yo. Nan tèks sa a, nap jwenn yon devlopman sou itilite “bèt a kò mou san eskèlèt” yo, plas yo nan alimantasyon nou, nan anviwònman nou ak danje yo kapab reprezante. Nap jwenn tou kèk referans imaj kap ede nou idantifye kèk ladan yo.
Nou kapab kenbe 5 gran itilite lakay yo :
1) Yo ede nan siveye evolisyon (kalite) anviwonman an.
Journal Le Figaro di nou, si w bezwen konnen eleman(mineral tankou pwodui chimik ) ki genyen nan tè jaden ou, w kapab jis fè etid la direkteman sou eskago ki viv nan tèsa a. Paske lè y ap plede mache nan tè sila a, eleman ki nan tè a rive kite tras sou kò yo. Anplis de sa konpozisyon kokiy yo kapab aprann nou anpil tou sou eleman ak modifikasyon anviwònman an.
2) Yo sèvi refij pou kèk parazit
Anpil parazit rete viv sou do yo. Nan ka maladi nou kwaze an Ayiti epi ki konsène « bèt a kò mou san eskèlèt » yo, nouka site pa egzanp Muellerius capillaris ki responsab maladi stwonjiloz lakay mouton, Dicrocoelium dendriticum ki responsab maladi dikwoseliyoz lakay riminan, Fasciola hepatica ki responsab maladi fasyoloz lakay riminan ak moun. (Dreyfuss G. et Rondelaud D., 2011)
3) Yo sèvi manje pou moun ak pou bèt
Sa nou plis manje an Ayiti yo se lanbi, palaso, chatwouj. Gwo pwason nan dlo ak zwazo manje kèk ladan yo.
4) Yo sèvi pou filtre dlo
Palaso yo jeneralman manje ti plant piti nou jwenn nan dlo. Pou yo rive jwenn plant sa yo, yo vale yon kantite dlo apresa yo filtre dlo a gras ak yon branchi yo (branchi yo fonksyone tankou poumon pou bèt nan dlo). Nan pwosesis filtrasyon an, palaso a kenbe manje yo, men li kenbe tou tras lòt eleman ki nan dlo a tankou eleman mineral ak eleman toksik. Sa vin fè syantifik yo menm vin devlope de palaso atifisyèl ki repwodui menm sistèm sa a pou yo kapab gade nivo polisyon dlo yo.
5) Yo itil nan dekorasyon ak fabrikasyon bijou ak pwodui kosmetik
Pa rapò ak domèn entèvansyon blòg sa ki se ijyèn alimantè, nap plis chita sou enpòtans kalite alimantè « bèt a kò mou san eskèlèt» yo. Jan nou fè konprann sa nan paragraf avan yo, bèt sa yo kapab abrite parazit ak toksin. Nan ka sa yo, li vin reprezante yon danje pou moun ki ap manje li. Sa ki vin lakoz konsomasyon li ka mennen maladi parazitè jis rive nan entoksikasyon. Suivan FAO (2010), kèk lòt parazit nou jwenn lakay bèt sa yo ki danjre pou moun se Salmonella ki responsab maladi salmoneloz, Vibrio cholerae ki responsab maladi kolera, Campylobacter ki responsab dyare a san.
Pou endistri kap fè komès bèt nan dlo yo, pi bon fason pou elimine bakteri yo, se lave yo. Yo itilize pou sa menm pwosesis « bèt a kò mou san eskèlèt yo » yo pou trete dlo a. Sofke se nan dlo pwop yo mete bèt yo pou yo fè filtrasyon an. Yo remake kenan pwosesis sa a, majorite Salmonella yo ak E. coli yo elimine. Men Vibrio yo tankou Vibrio cholerae pi difisil pou elimine, saki fè risk kontaminasyon an toujou rete sitou lè nap manje bèt sayo kri. Li dekonseye pou timoun, fanm, ansent, moun ki gen pwoblèm fwa manje yo kri akoz konplikasyon sa ka mennen. Fòk nou konnen ni ji sitwon, asid, piman oswa alkòl pa touye mikwo-òganis (bakteri, mikwòb…) ki ladan yo. Pi bon fason nou ka rive touye bakteri nan yo yo, se kuit yo. (Agence Canadienne d’Inspection des aliments, 2020)
Agence Canadienne d’Inspection des aliments di nou, lakay« bèt a kò mou san eskèlèt» tankou palaso ak lot bèt tankou krab ak oma, toksin yo kapab lakoz sa yo rele Entoksikasyon akozyon Fikotoksin ki kapab Paralize (EFP), Entoksikasyon akozyon Fikotoksin ki kapab lakoz Pèt Memwa (EFPM), Entoksikasyon akoz yon Fikotoksin ki kapab Lakoz Dyare(EFD).
Pou sentom yo :
- nan ka EFP a se vètij, tèt fè mal, difikilte pou vale, pikòtman nan dwèt, zòtèy ak sou lèv. Epi nan ka ki pi grav yo se feblès, kò rèd, derègleman lapawòl akmouvman
- nan ka EFPM se noze, vomisman, feblès ak pèt memwa
- nan ka EFD se tèt fè mal, vant fè mal, frison, dyare.
Chalè dife oswa dlo cho pa elimine toksin ni eksè eleman mineral yo ki nan « bèt a kò mou san eskèlèt » yo. Pi bon mwayen pou evite toksin yo se peche bèt yo nan dlo ki pwòp sa vle di nan ka sa ki pa gen eksè eleman toksik. Se vre ke pa rapò ak kondisyon lapèch ak lavant vyann ak pwason fèt an Ayiti, asire kalite ijyenik pwodui sa yo difisil. Non sèlman anviwònman an kote yap peche yo pa toujou pwòp, men tou pa toujou genyen yon sistèm pou kenbe pwodui yo fre yon fason pou evite bakteri miltipliye. Pi bon prekosyon an se toujou reteveyatif ke kliyan nou achte pwodui nou yo toujou kenbe yo nan frizè pou yo byen konsève, epi suiv konsèy sou fason pou nou prepare yo.
Referans :
- Agence Canadienne d’Inspection des aliments, 2019. Biotoxines marines dans les mollusques bivalves : intoxication par phycotoxine paralysante, intoxication par phycotoxine amnésique, intoxication par phycotoxine diarrhéique. [En ligne] [Consulté le 23/09/2023 à 12 :04 PM] Disponible sur internet :https://inspection.canada.ca/salubrite-alimentaire-pour-les-consommateurs/fiche-de-renseignements/produits-et-risques/poisson-et-produits-de-mer/biotoxines-dans-les-mollusques/fra/1332275144981/1332275222849#:~:text=L
- Agence Canadienne d’Inspection des aliments. 2020. Avis de santé publique : Eclosion d’infections à Vibrio parahaemolyticusassociée à des mollusques et à des crustacés. [En ligne] [Consulté le 23/09/2023 à 11 :36 PM] Disponible sur internet :https://www.canada.ca/fr/sante-publique/service/avis-sante-publique/2020/eclosion-infections-vibrio-parahaemolyticus-associee-mollusques.html
- Dreyfuss G., Rondelaud D., 2011. Les mollusques dans la transmission des helminthoses humaines et vétérinaires. Bulletin de l’Académie Vétérinaire de France. France. P 13-20
- Food and Agriculture Organisation (FAO). 2010. Purification des coquillages bivalves : aspects fondamentaux et pratiques. FAO Document technique sur les pêches. No 511. Rome. 155p
- Le Figaro, 2022. Pourquoi l’escargot est un mollusque utile au jardin. [En ligne] [Consulté le 24/09/2023 à 2 :09 PM] Disponible sur internet : https://www.lefigaro.fr/jardin/l-escargot-un-mollusqye-utile-dans-le-jardin-20220708
Comments
Post a Comment