Skip to main content

Ti douv, gran douv










Foto 1.- Ka kontaminasyon Dicrocoelium dentriticum lakay yon kabrit femèl ki sòti Lestè. Abatwa kominal Kwadèmisyon. Félix Christ-Love 2022

Douv se yon parazit nou jwenn jeneralman kote ki gen ma dlo, marekaj ak zèb. Nou jwenn li lakay plizyè gwoup bèt men alafen se lakay bèt ki manje zèb yo li renmen rete. Genyen de kategori douv : ti douv, gran douv.
 
Ti douv la ki gen pou non syantifik Dicrocoelium dentriticum lakoz yon maladi yo rele dikwoselyoz. Sik devlopman Dicrocoelium dentriticum la se : kalmanson – foumi – bèt oswa moun (Leberegel, 2021). Nan ka Dicrocoelium dentriticum kanal yo ki mennen bil la parèt dilate epi li blanch. Lè ou pèse kanal yo, wap wè bil la parèt tou nwa epi wap wè tou vè Dicrocoelium dentriticum yo. Fwa parèt gonfle, epi se tankou li pouri avèk yon bann tach blanch sou li (Troncy, 1981).

Genyen de jiska twa kategori gran douv ki se Fasciola hepatica, Fasciola gigantica, Fascioloides magna. Nan travay sa, nap pale de Fasciola hepatica. Vè sa a lakoz yon lòt maladi yo rele fasyoloz. Sik devlopman Fasciola hepatica a se : limne (yon kategori bèt a kò mou san eskelèt) – zèb (sitou sila yo nou jwenn nan ma dlo yo tankou kreson) – zannimo oswa moun (Bensid, 2018). Nan ka Fasciola hepatica a, nou kapab remake de kis ki genyen yon pi vèt oswa chokola sou poumon an (Rozier et Tassin, 1992). Fwa anfle, li vin parèt sou li de tach wouj ki se siy emoraji ak de tach jòn oswa gri. Kanal yo ki mennen bil la dilate epi vin rèd (Bensid, 2018).

Sik devlopman parazit yo ede nou konprann tout bèt ak plant ki enplike nan simaye maladi sa a. Li fè parèt aklè tou risk enfestasyon ki genyen nan konsomasyon bèt ak plant sa yo.


Kèk sentom maladi sa yo se doulè nan pati ksifoyid la (sa nou abitye rele lakay nou biskèt la), difikilte pou respire, dyare. Lè maladi a fin ravaje bèt la nèt nou kapab remake li mèg anpil, li fèb, pwal/lèn li ap tonbe, kèk pati nan kò li tankou popyè li anfle (Titi, 2021). Men pi bon fason pou rive fè dyagnostik la lakay yon bèt vivan, se nan egzamen san ak poupou. Li enpòtan pou nou konnen ke depi yon sèl grenn bèt nan yon twoupo kontamine, li tou konsidere tout bèt nan twoupo a malad. Kote règ yo respekte, lè yo dekouvri yon kakas ki enfeste, yo jete fwaepi pafwa poumon an. Pou tretman maladi a lakay bèt yo, yo itilize antèlmentik sitou avan peryòd lapli. Kòm prevansyon, yo pa kite bèt yo bwè nan ma dlo sal epi yo pa kite yo tou manje zèb nenpòt ki kote.


Nou jwenn douv yo nan tout peyi sou planèt la e Ayiti pa fè eksepsyon. Nan ankèt Dr Jacques Blaise te fè ant 1992 ak 1993, sou senk abatwa li te ankete, de nan yo ki se abatwa zòn Disis ak Lestè te genyen bèf, kabrit ak mouton ki te enfeste ak parazit Fasciola hepatica la (Blaise, 2001). Nan lane 2022, Félix C. L. sou twa zòn li te ankete ki se Kwadèboukè, Titanyen, Lestè te vin konfime prezans Dicrocoelium dentriticum nan zòn Lestè. Efektivman, prezans douv yo toujou repete nan zòn sila a akoz pil marekaj ki genyen la.


Moun pi fasil trape maladi dikwoselyoz ak fasyoloz nan manje ze douv kidonk nan manje zèb (tankou kreson), foumi ki enfeste ak ze vè a. Nan ka dikwoselyoz la sentom yo lakay moun se gonfleman, gaz, epi pafwa konstipasyon, dyare epi gonfleman. Nan ka fasyoloz, pa genyen sentom jiskaske parazit la komanse anpil epi gaye nan kò a. Lè konsa, malad la kapab santi kèk twoub nan dijesyon (OSAV, 2021). Se nan egzamen san an yo kapab depiste enfestasyon douv lakay moun. Nan ka nou ta sispèk yon enfestasyon akoz yon douv, premye konsèy la se ale wè doktè pou yon depistaj epi swen ki nesesè.

Referans :

- Bensid A. 2018. Hygiène et inspection des viandes rouges. Edition Djelfa. Alger. Algérie. 988p.

- Blaise J., 2001. Prévalence et fréquence des lésions parasitaires du foie et du poumon des ruminants en Haïti. Revue Médecine Vétérinaire, 152.3, 269-274, 6p.

Félix C. L., 2022. Étude de la prévalence des parasitoses larvaires et imaginales du foie et du poumon des petits ruminants au poste d’abattage communal de La Croix des Missions. Mémoire de fin d’études, agronomie. Université d’Etat d’Haïti (UEH). Faculté d’Agronomie et de Médecine Vétérinaire (FAMV), Damien, Haïti, 60 p

- Leberegel K., 2021. Douves : Dicrocoeliose/ Fasciolose. Office fédéral de la sécurité alimentaire et des affaires vétérinaires. Suisse.

- Office federal de la sécurité alimentaire et des affaires vétérinaires (OSAV), 2021. Douves : Dicrocoeliose / fasciolose. Confédération Suisse. Suisse. 3p

- Rozier J., Tassin P., 1992. Les lésions du poumon des bovins. Recueil de Médecine Vétérinaire. T168 (5), P363-370.

Titi A., 2021. Parasitologie. [En ligne] [Consultée le 12 juillet 2022 à 4 : 30 PM]. Disponible sur internet : URL : https://fac.umc.edu.dz/vet/Cours_Ligne/cours_20_21/Parasitologie_A4/strongylose_des_petits_ruminants.pdf

- Troncy P., 1981. Précis de parasitologie vétérinaire tropicale. Paris. Institut d’élevage et de Médecine Vétérinaire des pays tropicaux. 717 p



Foto 2.- Lav Dicrocoelium dentriticum. Félix Christ-Love - 2022




Foto 3.- Lezyon Dicrocoelium dentriticum sou fwa kabrit femèl ki sòtè. Félix Christ-Love - 2022



Foto 4.- Ensizyon sou poumon yon kabrit femèl ki sòti Lestè avèk ekstraksyon lav Dicrocoelium dentriticum. Félix Christ-Love - 2022




Foto 5.- Foto total lav Dicrocoelium dentriticum Félix Christ-Love te dekouvri nan kakas yon kabrit femèl ki sòti Lestè nan abatwa Kwadèmisyon an 2022.













Comments

Popular posts from this blog

Atansyon ak maladi chabon !

Kisa  “ maladi   chabon ” an  ye  ?  Chabon se yon maladi yon bakteri (nou pa kapab wè li sou je) kirele « Bacillus anthracis » lakoz, nou jwenn li nan tout peyi nan mond lan e sitou lakay mamifè yo (domestik, elvaj tankousovaj). Men bèt ki manje zèb yo pi fasil trape li (bèf, cheval, kabrit, mouton…). Zwazo yo ka trape maladi chabon tou, men li pa fasil. Youn nan gwo pwoblèm ki genyen ak Bacillus anthracisla, sèke li pa janm fin disparèt vre. Lè li pa jwenn bon kondisyonpou li devlope, bakteri a vin fòme yon koki. Li rete kache anndan koki sa jiskaske kondisyon yo vin pi bon. Koki sa kakache nan tè a, nan manje bè yo, nan dlo. Se sa ki fè, li konseyepou yo pa itilize keseswa pou fè jaden osinon pou gade bètteren/ espas kote bèt ki te gen maladi a te pase. Maladi chabon gen yon enterè pou sante tankou pou sekiriteakoz nan lane 2001, nan peyi Etazini, de moun voye nan lapòsde koli pyeje ak Bacillus anthracis sa ki te vin lakoz 22 moun te trape maladi a epi 5 te ...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...