Foto 1.- Anisakis spp nan yon aransò. Félix Christ-Love, 2022
Dènye tan sa yo, anpil konsomatè remake lè yo achte aransò, pwason yo genyen de ti vè blan anndan yo. Vè sa yo se sa yo rele Anisakis. Kisa yo ye ? Ki kote yo sòti ? Ki danje ki gen ladan yo? Jodiya nap debat sijè sa a.
Anisakis
yo fè pati kategori vè won. Yo ka blanch oswa yon koulè wouj ki atire sou nwa
epi yo parèt on jan tòde. Ou
jwenn Anisakis pi souvan lakay bèt nan dlo sale. Yo pako jwenn vè sa
lakay bèt dlo dous yo ak bèt ki soti nan elvaj. Men sa rive deja yo jwenn li
lakay pwason ki fè migrasyon yo, sa vle di pwason ki konn fè aleretou nan dlo
sale ak dlo dous. W plis jwenn Anisakis nan pati abdomèn pwason yo ak
nan pati yo rele visè yo. Men sa konn rive tou vè
an rive nan chè pwason an menm.
Anisakis yo
alèz pou yo rete lakay gwo pwason tankou dofen, reken yo. Men lè gwo pwason yo
rejte yo, yo al kontamine “kristase” tankou chevrèt yo. Ti pwason tankou aran, jòfi ak « sefalopod »
tankou chatwouj yo pral kontamine nan manje kristase yo. Sik la pral rekomanse
lè gwo pwason yo fin manje ti pwason ak sefalopod yo pral rejte vè a nan kaka
yo. Nan sik devlopman Anisakis lan, zwazo maren yo (sa vle di zwazo ki
plis manje bèt nan lanmè), mamifè ak lòt bèt ki viv ak manje nan dlo lanmè
tankou balèn (mamifè), kwokodil, kana sovaj, kapab trape vè a tou nan manje ti
bèt ki deja kontamine.
Anisakidoz, zowonoz vè
Anisakis la responsab la gaye tout kote sou latè. Men
yo plis jwenn zowonoz la nan peyi kote moun yo gen abitid manje pwason kri. Nan
ka ki pi senp yo, malad yo konn prezante yon alèji. Lakay moun ki pi frajil yo, menm si se vè ki
mouri a yo manje yo ka prezante alèji. Men nan ka ki pi konplike yo, parazit la
konn rive pike ògàn nan pati abdominal lè konsa konsomatè a konn gen gwo doulè
nan vant.
Malgre prezans Anisakis lan trè remakab an Ayiti, poko gen etid fòmèl ki fèt pou konnen nan ki nivo bèt lakay nou enfeste. Men Doktè Jacques Blaise nan kolaborasyon ak Felix Christ-Love fè yon
Kominike Syantifik pou pale ak alète de fenomèn sila a.
Si pwason an se pou
manje kri, li rekòmande pou w kite li fè sèt jou nan frizè soti lè li peche a
ak lè wap manje l la. Si wap kuit pwason ak fòk ou byen kwuit li pou vè yo ka
mouri. Atansyon ! Lè se lafimen yo bay pwason an, vè a pa toujou mouri. Jeneralman
se nan lafimen yo pase pwason aran an pou yo fè aransò yo, kidonk fòk nou trè
pridan lè nap manje yo, pou nou pa trape vè Anisakis la.
Referans :
France 5. 2023. Les
sushis peuvent-ils être dangereux pour la santé ? Enquête de santé.
Agence Nationale de
Sécurité Sanitaire (ANSES). 2017. Anisakis spp., Pseudoterranova
spp. Fiche de description de danger biologique transmissible par les aliments. 4p
Comments
Post a Comment