Skip to main content

Idatidoz, yon zowonoz nan asyèt nou

 

Foto 1.- Idatidoz sou fwa yon kabrit mal nan abatwa Kominal Kwadèmisyon. Félix Christ-Love - 2022

Dezyèm maladi n ap wè se idatidoz. Idatidoz se yon zowonoz, sa vle di se yon maladi bèt kapab bay moun. Vè sa viv lakay chen. Li soti nan kaka chen an epi van, dlo pote li nan dlo ak zèb kabrit, mouton, bèf ak cheval ap manje.

Se vè ki rele Echinococcus granulosus ki se etap lav Ténia echinocoque la ki lakoz maladi sa a. Nou kapab rekonèt vè sa nan vyann nan lè nou wè sou fwa oswa poumon bèt la de blad dlo ki prèske eklate ki genyen ladan li plizyè ti grenn blan ki bay aspè sab. Ti grenn blan sa yo se tèt vè Echinococcus granulosus yo. Nan ka kote gen lòt bakteri nan vyann nan, blad sa yo kapab tounen abse ki kapab swag en pij oswa kalkè.

Nan lane 2002 rive 2003, dapre yon etid Dr Blaise te fè nan kat zòn nan Laplèn (Kwadèboukè, Bon repo, Damyen, Taba), sou 80 chen yo te analize dechè yo, 17 te genyen vè ki lakoz idatidoz la. Etid Blaise yo te rapòte tou prezans kis idatik yo lakay kabrit, mouton, bèf ak kochon. Etid Felix nan lane 2022 rekonfime prezans yo men nouvèl sa pa etonan akoz pa genyen politik tretamn maladi sa lakay bèt yo ki fèt nan peyi a. yo poko dekouvri maladi sa lakay moun an Ayiti. Men gen yon tès yo rele Tè Kasoni ki pèmèt yo dekouvri si yon moun gen maladi sa, lè yo te fè tès sa nan kèk peyi nan Karayib la, tès plizyè moun te soti pozitif.  

Ajans sante piblik Kanada sou sit canada.ca fè nou konnen Moun trape l yon fason endirèk nan manje oswa bwason ki kontamine ak vè a, oswa yon fason dirèk lè men yo pran vè a sou kò chen an oswa nan ekskreman li mete nan bouch yo. Menm jan ak nan ka pa bèt yo, se dlo, van oswa kontak dirèk ki kapab responsab transfè vè a soti nan kaka oswa sou po bèt la rive nan sa nap konsome. Chen an li menm li trape maladi a nan manje vyann bèt ki genyen li. Se sa ki fè li enpòtan pou nou fè pridan ak vyann nap bay chen nou manje. Maladi a sa prèske prezan nan tout peyi nan mond lan. Sit la fè nou konnen tou se timoun yo ki pi frajil fas ak maladi sa a, e li pa posib sou je pou w wè lè malad la ta fenk enfekte. Premye siy maladi an parèt ase souvan lè endividi a granmoun (nan 50 tan konsa), y ap parèt tankou vomisman, noze, doulè nan bò dwat vant, alèji ak lòt kalite enfeksyon.

Lè kis yo vin devlope anpil lakay bèt la, nou kapab wè kèk siy tankou dyare, bèt la pa twò manje menm jan epi vant li kapab anfle tou. Atansyon, siy sa yo pa spesifik, tout dyare, manke apeti ak gonfleman pa vle di idatidoz. Pou yo trete maladi sa lakay bèt, yo fè chiriji pou yo oswa yo ba yo medikaman yo rele antèlmentik yo. Lakay moun; tretman yo varye suivan nivo enfestasyon an ak kondisyon sante malad la. Pa rapò a risk vè sa pote, prensip la se jete tout vyann yo jwenn ki kontamine ak li.  


Referans :

Blaise J., 2001. Prévalence et fréquence des lésions parasitaires du foie et du poumon des ruminants en Haïti. Revue Médecine Vétérinaire, 152.3, 269-274, 6p.

Félix C. L., 2022. Étude de la prévalence des parasitoses larvaires et imaginales du foie et du poumon des petits ruminants au poste d’abattage communal de La Croix des Missions. Mémoire de fin d’études, agronomie. Université d’Etat d’Haïti (UEH). Faculté d’Agronomie et de Médecine Vétérinaire (FAMV), Damien, Haïti, 60 p

Comments

Popular posts from this blog

Atansyon ak maladi chabon !

Kisa  “ maladi   chabon ” an  ye  ?  Chabon se yon maladi yon bakteri (nou pa kapab wè li sou je) kirele « Bacillus anthracis » lakoz, nou jwenn li nan tout peyi nan mond lan e sitou lakay mamifè yo (domestik, elvaj tankousovaj). Men bèt ki manje zèb yo pi fasil trape li (bèf, cheval, kabrit, mouton…). Zwazo yo ka trape maladi chabon tou, men li pa fasil. Youn nan gwo pwoblèm ki genyen ak Bacillus anthracisla, sèke li pa janm fin disparèt vre. Lè li pa jwenn bon kondisyonpou li devlope, bakteri a vin fòme yon koki. Li rete kache anndan koki sa jiskaske kondisyon yo vin pi bon. Koki sa kakache nan tè a, nan manje bè yo, nan dlo. Se sa ki fè, li konseyepou yo pa itilize keseswa pou fè jaden osinon pou gade bètteren/ espas kote bèt ki te gen maladi a te pase. Maladi chabon gen yon enterè pou sante tankou pou sekiriteakoz nan lane 2001, nan peyi Etazini, de moun voye nan lapòsde koli pyeje ak Bacillus anthracis sa ki te vin lakoz 22 moun te trape maladi a epi 5 te ...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...