Skip to main content

Posts

Pouki rezon fanm ansent dwe rete kanpe lwen chat ?

Nan rale mennen vini nou te fè sou parazit lakay zannimo domestik ki kapab lakoz zowonoz, nou te pale de chen ak sestodoz yo ! Men, sou menm sijè sa a, nou pa kapab neglije pale de chat ak toksoplasmoz. Kisa ki toksoplasmoz la ? Toksoplasmoz la se yon maladi parazit Toksoplasma gondii lakoz. Parazit sa tèlman piti ke nou pa kapab wè li ak je nou senpman. Ki bèt ki ka trape li ? Toxoplasma gondii a se lakay chat la menm li alèz. Nan poupou osinon nan fwotman, parazit la al enstale li lakay moun, bèt ak nan manje. Nap konprann tou ke nan kondisyon sa yo, moun kapab trape maladi a pa sèlman nan kontak avèk chat men tou nan manje vyann bèt osinon plant/ fui ki kontamine, Lè parazit la lakay bèt la, li vin fòme de kis, Lè vyann yo mal kuit, parazit la nan kis sa yo pa mouri e se nan manje yo kontaminasyon an pral kontinye. Konsa tou, nou kapab kontamine menm nan pousyè ki genyen parazit la. Sèl mwayen kontaminasyon moun ak moun yo jwenn nan ka maladi toksoplasmoz la se soti nan manman ale ...
Recent posts

Yon lane anplis !

Manje se premye medikaman kò a. Rechèch jounen jodiya ap mete aksan chak jou pi plis sou relasyon sa nou manje ak eta sante nou. Aliman yo ede nou grandi, yo bay ògàn nou sa yo bezwen pou yo konstui epi pwoteje nou. Men pou aliman yo ede nou grandi, se pa sèlman kantite yo pou nou konsidere; genyen kalite yo tou. Sa vle di, ki pòsyon eleman nitritif yo genyen, nan ki dimansyon yo pwòp, sen, kote yo pa genyen danje pou sante nou. Avèk kontaminasyon biyolojik ak parazit, bakteri, kontaminasyon ak lòt eleman chimik tankou toksin, pwazon, eleman fizik tankou mikwo plastik san konte modifikasyon jenetik, kalite sa nap manje yo vin yon koze konplike. Kidonk nou pa ka manje jis pou manje, fòk nou manje yon fason ki responsab pou sante nou, pou anviwònman an ak jenerasyon kap vini yo. Nosyon sekirite alimantè a vin defini kantite, kalite ak enpak sa nou manje. Sous : https://news.un.org/en/story/2015/04/495232 Les lettres de Felix, genyen yon lane anplis depi li ap fòme ak enfòme nou sou kalit...

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Miyaz, rezilta yon vè mouch kap viv nan kò moun ak nan kò bèt

Foto 1.- Foto  Cochliomyia hominivorax, sous Wikipedia   Kisa miyaz  la ye ? Yo pale de miyaz lè vè kèk mouch lakoz pran devlope nan kò yon bèt osinon yon moun. Vè sa se yon parazit, se vyann endividi ki abrite li a li manje. Li atake tout kategori bèt. Ou kapab jwenn li sou po osinon anndan kò a. Kisa ki lakoz li ? Plizyè mouch kapab ponn ze ki lakoz miyaz lan. Men pami mouch sa yo, nap pale nan atik sa de Cochliomyia hominivorax ki reprezante yon gwo danje pou monton epi ki prezan an Ayiti. Yo rele li Mouch vyann paske li renmen poze sou vyann. Nou pi fasil wè yo lè peryò chalè an Ayiti. Men gen lòt espès nou ka pi fasil wè nan period lapli. Li on jan difisil pou nou distenge espès yo grenn pa grenn. An jeneral yo vèt oswa ble klere.  Se femèl yo ki pi danjre. Lè yo poze, yo ponn ze yo ki pral devlope vè yo. Yo ka ponn kote ki pwòp pa egzanp sou yon po ki pwòp tankou kote ki sal. Nan dènye kote sa yo, nou kapab site poupou, dyare, po ki gen grès, po ki gen swè, ...

Atansyon ak maladi chabon !

Kisa  “ maladi   chabon ” an  ye  ?  Chabon se yon maladi yon bakteri (nou pa kapab wè li sou je) kirele « Bacillus anthracis » lakoz, nou jwenn li nan tout peyi nan mond lan e sitou lakay mamifè yo (domestik, elvaj tankousovaj). Men bèt ki manje zèb yo pi fasil trape li (bèf, cheval, kabrit, mouton…). Zwazo yo ka trape maladi chabon tou, men li pa fasil. Youn nan gwo pwoblèm ki genyen ak Bacillus anthracisla, sèke li pa janm fin disparèt vre. Lè li pa jwenn bon kondisyonpou li devlope, bakteri a vin fòme yon koki. Li rete kache anndan koki sa jiskaske kondisyon yo vin pi bon. Koki sa kakache nan tè a, nan manje bè yo, nan dlo. Se sa ki fè, li konseyepou yo pa itilize keseswa pou fè jaden osinon pou gade bètteren/ espas kote bèt ki te gen maladi a te pase. Maladi chabon gen yon enterè pou sante tankou pou sekiriteakoz nan lane 2001, nan peyi Etazini, de moun voye nan lapòsde koli pyeje ak Bacillus anthracis sa ki te vin lakoz 22 moun te trape maladi a epi 5 te ...

Macracanthorhynchus hirudinaceus, yon vè tèt pikan lakay kochon

Foto 1.- Sus scrofa domesticus   (Kochon ) Referans :  https://www.pexels.com/fr-fr/chercher/cochon/ Macracanthorhynchus hirudinaceus se yon parazit yo jwenn nan entesten kochon epi ki kapab enfeste moun. Yo konn jwenn li tou lakay chen ak lot bèt sovaj toujou nan fanmi kochon. Pou M. hirudinaceus la devlope, li bezwen abrite li kay yon ensèk (skarabe, kolewoptè). Lè chen oswa kochon ki genyen vè a lakay yo poupou, yo jete ze vè a nan poupou a. Lè ensèk yo kounya ale nan poupou sa a, yo manje vè a. E se lakay yo vè a pral devlope. Se sa ki fè nou bezwen trè pridan ak manje nou. Trè souvan nou kouri dèyè mouch ki ap vin poze sou manje nou pandan nou neglije foumi ak lòt ensèk yo. Pou anpil parazit, ensèk yo jwe wòl vektè, sa ve di yo abrite lakay yo, yo rete devlope la distans pou yon jwenn yon lòt kote (manje, bèt, moun) pou y al kontamine. Se konsa tou nou bezwen pridan anpil lè bèt yo al poupou nan jaden yo.  Yo jwenn  Macracanthorhynchus hirudinaceus la nan...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...