Skip to main content

Atansyon ak maladi chabon !



Kisa “maladi chabon” an ye ? 

Chabon se yon maladi yon bakteri (nou pa kapab wè li sou je) kirele « Bacillus anthracis » lakoz, nou jwenn li nan tout peyi nan mond lan e sitou lakay mamifè yo (domestik, elvaj tankousovaj). Men bèt ki manje zèb yo pi fasil trape li (bèf, cheval, kabrit, mouton…). Zwazo yo ka trape maladi chabon tou, men li pa fasil. Youn nan gwo pwoblèm ki genyen ak Bacillus anthracisla, sèke li pa janm fin disparèt vre. Lè li pa jwenn bon kondisyonpou li devlope, bakteri a vin fòme yon koki. Li rete kache anndan koki sa jiskaske kondisyon yo vin pi bon. Koki sa kakache nan tè a, nan manje bè yo, nan dlo. Se sa ki fè, li konseyepou yo pa itilize keseswa pou fè jaden osinon pou gade bètteren/ espas kote bèt ki te gen maladi a te pase.

Maladi chabon gen yon enterè pou sante tankou pou sekiriteakoz nan lane 2001, nan peyi Etazini, de moun voye nan lapòsde koli pyeje ak Bacillus anthracis sa ki te vin lakoz 22 moun te trape maladi a epi 5 te arive mouri. Kidonk yo konsidere li tankou sa yo rele jounen jodiya yon zam biyolojik osinon yoajan teroris biyolojik.

 

Koman t trape li ? Eske li touye t ? 

Bèt yo trape maladi a nan manje koki « Bacillus anthracis » yo. Premye siy ki ka fè n konnen se maladi chabon se lè bèt yotonbe mouri bridsoukou. Sa ka rive, avan sa n ka wè siy lafyèvsou yo, difikilte pou yo respire, latranblad, kou ak vant yo anfle.Lè bèt la mouri, nap wè san ki ap koule soti nan twou nan kò li (nen, zòrèy, bouch…). Nou kapab konstate tou, menm aprelanmò, kò bèt la pa fin rèd. Si bèt yo pa vaksinen, 90% nan yontwoupo gen chans pou yo mouri.

 

Koman moun trape li ? Eske li touye moun ?

Genyen twa jiska kat fason moun kapab trape maladi chabon an.
- Nan kontak (manyen) ak bèt ki genyen maladi a.
Nan ka sa a, se elvè ak moun ki travay ak bèt (nan abatwa, nan tànri…) ak moun ki viv pre ak bèt ki pi fasil trapemaladi a. Menm kan bèt la deja mouri, akoz bakteri a toujou vivan, li ka toujou enfekte moun ki al manyen bèt la. Pati ki pi vin prezante sentòm yo se men, pye, epi kou.

Lè bakteri a ateri sou po moun nan, li fè tankou se yon bètki mòde li. Si li deja jwenn yon blesi menm, li layite li pi fasil toujou. Kote sa pral devlope yo ilsè, tankou se yonblad pi ki apresa pral kreve. Akoz bakteri yo ap fin touyeselil ki nan pati sa a, blesi a ap vin parèt tou nwa kouchabon sou 5 a 7 jou. Se karakteristik sa menm ki fè yo relemaladi a « chabon ». Yo jwenn ke an jeneral, sou 10 kitrape fòm sa a, gen 2 ki mouri. 

Nan manje vyann bèt ki gen maladi a. sa rive lè moun nan manje vyann ki kri osinon ki manke kuit. Lè bakteri a retenan nivo bouch ak gòj moun nan, li lakoz gòj fè mal, fyèv, kou anfle. Lèl rive anndan sistèm dijestif moun nan, li lakoz vant fè mal, toudisman, vomisman ak dyare ak san. Si pa gen tretman, 5 sou 10 moun ki kontamine kapab mouri. 

- Nan lè a, lè konsa moun trape li nan respire koki yo, nan travay ak bèt osinon lè van leve yo nan pousyè. Sentòm yose fyèv, maltèt, tous, doulè nan kò. Nan fòm sa a, bakteri a gaye nan tout kò moun nan, sa fè tou se fòm ki pi danjrepou a, si nou fè tretman bonè se ant 4 a 5 sou 10 moun kigen fò sa ki ap riske mouri, sinon se plis ke 9.

- Nan lè a, lè konsa moun trape li nan respire koki yo, nan travay ak bèt osinon lè van leve yo nan pousyè. Sentòm yose fyèv, maltèt, tous, doulè nan kò. Nan fòm sa a, bakteri a gaye nan tout kò moun nan, sa fè tou se fòm ki pi danjrepou a, si nou fè tretman bonè se ant 4 a 5 sou 10 moun kigen fò sa ki ap riske mouri, sinon se plis ke 9.

Nan pike ak zegi. Ka sa ra, men yo jwenn li lakay moun kiap pran dwòg nan zegi yo. 

Yo pa jwenn moun ka transmèt maladi a antre yo.
 

Sa pou n fè ak bèt ki trape li yo ? E si yo mouri ?

Aksyon pou tout bèt ki mouri ak maladi chabon se boule yo nan yon espas moun pa itilize, pa pase. Antere kakas yo epi simenlacho sou yo. Apresa se kouri bay rès bèt yo vaksen. Si vaksenan pako disponib, nou kapab ba yo antibiyotik tou.

Li enpòtan tou pou nou dezenfekte tou kote bèt ki te malad yopase. Boule tout sa yo tap itilize yon fason pou detui tout tras bakteri a.

 

Koman nou kapab evite maladi a ?

Premye mwayen pou n evite maladi chabon an se vaksinasyon.

Depi yo sispèk yon bèt ta mouri nan maladi chabon, imedyatman se izole tout lòt bèt yo pou moun pa antre an kontakak yo. PA PRAN CHANS MANJE BÈT KI MOURI AK MALADI CHABON.

Referans :

Agence nationale de sécurité sanitaire, 2023. Charbon ou fièvre charbonneuse



- Organisation Internationale des Epizooties. Fièvre charbonneuse ou anthrax.

- Bacillus anthracis : Fiche technique santé-sécurité : agents pathogènes. Gouvernement du Canada. Lien : https://www.canada.ca/fr/sante-publique/services/biosecurite-biosurete-laboratoire/fiches-techniques-sante-securite-agents-pathogenes-evaluation-risques/bacillus-anthracis-fiches-techniques-sante-securite-ftss.html

- Center for disease Control. About anthrax. Lien : https://www.cdc.gov/anthrax/about/index.html#:~:text=Inhalation%20anthrax%20happens%20when%20a,animals%20or%20contaminated%20animal%20products.

- Organisation Internationale des Epizooties. Fièvre charbonneuse ou anthrax.

Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab

Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an. « Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk fina...

Anisakis, ti vè blan nan aransò yo

 Foto 1.- Anisakis spp nan yon arans ò.  F é lix Christ-Love, 2022 Dènye tan sa yo, anpil konsomatè remake lè yo achte aransò, pwason yo genyen de ti vè blan anndan yo. Vè sa yo se sa yo rele Anisakis . Kisa yo ye ? Ki kote yo sòti ? Ki danje ki gen ladan yo? Jodiya nap debat sijè sa a. Anisakis yo fè pati kategori vè won. Yo ka blanch oswa yon koulè wouj ki atire sou nwa epi yo parèt on jan tòde. Ou jwenn Anisakis pi souvan lakay bèt nan dlo sale. Yo pako jwenn vè sa lakay bèt dlo dous yo ak bèt ki soti nan elvaj. Men sa rive deja yo jwenn li lakay pwason ki fè migrasyon yo, sa vle di pwason ki konn fè aleretou nan dlo sale ak dlo dous. W plis jwenn Anisakis nan pati abdomèn pwason yo ak nan pati yo rele visè yo. Men sa konn rive tou vè an rive nan chè pwason an menm. Anisakis yo alèz pou yo rete lakay gwo pwason tankou dofen, reken yo. Men lè gwo pwason yo rejte yo, yo al kontamine “kristase” tankou chevrèt yo. Ti pwason tankou aran, jòfi ak « sefalopod » t...