Foto 1- Fougou Sous : https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/
Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.
Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ?
Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a.
Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè yo konnen byen kòman pou netwaye ak prepare pwason an pou manje. Malgre tou, gen ti kantite toksin ki konn rete toujou. Menm nan peyi Japon kote prekosyon yo anpil, toujou genyen kèk ka anpwazònman. Anplis ! Temèt pwason an pranchalè, li bouyi, li seche osinon konsève nan glas, sa pap fè toksin nan disparèt.
Yon enfòmasyon enpòtan, sèke menm kan yo fin retire pati ki danjre nan fougou a, yo pa jete yo, men pito yo konsève yo nan yon bokal ki byen fèmen epi apre yo boule yo ; yon fason pou toksin nan pa epapiye epi al kontamine anviwònman an.
Atansyon! Se pa sèlman fougou a kòm bèt ki pote pwazon an. De bèt tankou « porc épic », « poisson soleil », « poisson tranille », « pieuvres à anneaux bleus », « tretons à peau rugueuse », « escargots de lune » genyen li. Bakteri tankou Pseudomonas, Bacillus ak Vibrio ka pwodui li tou.
Ki itilite TTX la lakay bèt yo ?
TTX ki lakay bèt yo sèvi spesyalman pou ede yo pwoteje tèt yo kont lòt bèt ki dèyè manje yo. Pa egzanp, nan mòde, pike, bèt la ka tou lage vèmin (toksin) nan nan kò predatè a pou metrize li. Konsa tou depi predatè a manje li, li siyen lanmò li.
Ki siy moun ki pran pwazon an ap prezante?
Plis ou gentan manje anpil pati ki kontamine nan pwason an, se plis wap gen toksin nan nan kò w epi chòk yo ap pi grav. Sa fè, nan ka yo jwenn yo, malgre gen sentòm ki menm, chòk la pou viktim yo varye.
Nan yon ka entoksikasyon yon pechè Lagiyàn, 25 rive 30 minit apre li te manje foujou a, bouch li, lang li, te pran pike l. Li te vin santi li fatige anpil, li tap swe epi tansyon l te wo.
Ak se sentòm sa yo, yo rekonèt ankò moun nan kapab pran bave, vomi, dyare. Nan yon dezyèm faz nan entoksikasyon an, yo jwenn li pa twò ka bouje dwèt li, reflèks li twouble. Sa vle di kò li, mouvman li pa reponn nòmalman. Apresa, tansyon l ap monte, batman kè l ap deregle, lap gen difikilte pou l respire. Si nan faz sa a anyen pa fèt pou ede li respire, ni jwenn asistans doktè, li kapab gen kriz, pèdi bon sans jis li rive mouri.
Kòman tetwodotoksin nan aji ?
Tout sa nou ka fè : wè, pale, manyen elatriye se sèvo a ki voye sinyal bay ògan nou yo pou yo fè yo. Sinyal sa yo pase nan yon seri de kanal. Lè TTX la antre nan kò nou, li bouche kanal sa yo. Se sa ki fè maladi a gen nan sentòm, li paralizi, reflèks twouble ak deregleman nan batman kè a. Dayè, li se yon ajan pou fè anestezi e yo di li nenpòt 160 000 fwa pi fò ke kokayin.
Alòs nap mande, poukisa yo kontinye manje fougou ?
Pami koz yo, yo site kilti. Nan peyi azyatik yo, moun yo manje anpil pwason; Apresa, kiriyozite, akoz gen moun ki ta toujou anvi eseye li. Epi, se yon pwason ki rich, ki gen anpil valè pou sante a, li gen anpil kolajèn, fib. Li gen anpil pwoteyin, li pa gen anpil kalori, li gen vitamin ak mineral.
Men, jeneralman, pla fougou a chè, paske li mande anpil travay pou prepare li epi akoz toksin nan yo jete anpil nan pwason an.
Koman yo trete li ?
Jiska jounen jodiya pa genyen tretman ofisyèl pou moun ki anpwazonnen ak tetwodotoksin. Sèlman, nan ka ki prezante yo, yo konn ede moun nan respire epi ba yo medikaman ki la pou ede li ak sentòm li prezante yo.
Ki plas tetwodotoksin nan lasyans ak nan kilti ayisyen ?
Nou pa ka pale de TTX san nou pa pale de kilti ayisyen. Tout kote syantifik yo travay sou TTX, yo enfòme sou itilizasyon l an Ayiti. Se nan ane 1980 yo istwa Ayiti ak TTX te atire atansyon lasyans avek ka « zonbifikasyon » Klèviyis Nasis (Clairvius Narcisse).
An fevriye 1980, Nasis ke tout moun konnen ki te mouri nan lane 1962, te tounen nan lakou lakay li Lestè. Kèk mak sou kò li ak yon ti sè li ki te toujou vivan te pèmèt yo sètifye ke se li. Nan lane 1962 a, tout moun te temwen lè yo te fouye tou mete Nasis, kidonk « rezireksyon » sa a se te gwo koze. Nasis ta pral fè konnen ke apre yo te fin antere li, yon bòkò te vin pran l, fè li tounen zonbi epi mete l travay nan bitasyon li. Li ta pral di ankò bòkò a te mouri anviwon de lane apre e ke se nan konsa li te tounen vin lib.
Pou fè kout, istwa Nasis la ta pral fè gwo bri epi syantifik tout kote tap vin fè rechèch sou fenomèn zonbifikasyon an. Nan ankèt ki te mennen, yo te rive jwenn posyon zonbifikasyon an nan men diferan bòkò nan peyi a. E, se nan rechèch nan laboratwa a, yo ta pral jwenn ke nan tout posyon yo analize yo, genyen TTX la. Syantifik Wade Davis, ki te devan nan rechèch yo, ta pral menm soti yo liv sou istwa sa yo, se « The serpent and the Rainbow ». Nan esè yo ta pral fè sou kèk bèt tankou sourit ak makak ak posyon an, yo ta pral wè bèt yo te vin paralize nan tout kò yo pandan ke yo pat mouri vre. Yo menm rapòte nan rechèch yo ke yo te jwenn nan peyi Japon, yon ka kote yon mesye ki te « mouri » akoz entoksikasyon ak tetwodotoksin nan ta pral reveye 7 jou apre.
Jounen jodiya, gen gwo rechèch ki ap fèt toujou pou itilize TTX la pou fè medikaman pou konbat doulè ak maladi kansè. Nou ta kapab gen kè sote pa rapò a jan li itilize an Ayiti men jan pwovèb la di a : Tout medikaman se yon pwazon ki byen doze.
Referans :
- Gouel P., 2023. Caractéristiques cliniques et prise en charge thérapeutique des intoxications par tetrodotoxineen France : revue systématique des cas publiés et non publies. HAL Open Science. Thèse de Médecine Générale. 46p
- Intoxication par le poisson-coffre (tetrodotoxine) par Hommel D., Hulin A., Saignavong S., Desbordes J. M. 1992, Médecine d’Afrique Noire : 1992 (2)
Vaudou en Haïti, que dit la science sur le mystère de la potion qui créait des zombies, BBC Afrique, 2021
Comments
Post a Comment