Skip to main content

Macracanthorhynchus hirudinaceus, yon vè tèt pikan lakay kochon







Foto 1.- Sus scrofa domesticus  (Kochon )

Macracanthorhynchus hirudinaceus se yon parazit yo jwenn nan entesten kochon epi ki kapab enfeste moun. Yo konn jwenn li tou lakay chen ak lot bèt sovaj toujou nan fanmi kochon. Pou M. hirudinaceus la devlope, li bezwen abrite li kay yon ensèk (skarabe, kolewoptè). Lè chen oswa kochon ki genyen vè a lakay yo poupou, yo jete ze vè a nan poupou a. Lè ensèk yo kounya ale nan poupou sa a, yo manje vè a. E se lakay yo vè a pral devlope. Se sa ki fè nou bezwen trè pridan ak manje nou. Trè souvan nou kouri dèyè mouch ki ap vin poze sou manje nou pandan nou neglije foumi ak lòt ensèk yo. Pou anpil parazit, ensèk yo jwe wòl vektè, sa ve di yo abrite lakay yo, yo rete devlope la distans pou yon jwenn yon lòt kote (manje, bèt, moun) pou y al kontamine. Se konsa tou nou bezwen pridan anpil lè bèt yo al poupou nan jaden yo. 
Yo jwenn Macracanthorhynchus hirudinaceus la nan tout peyi nan mond lan, sitou kote ki gen kochon, domestik tankou sovaj, men li plis manifeste lè li fè cho an ete ak nan kòmansman otom.


Kèk egzanp ensèk ki abrite Macrancanthorhyncus hirudinaceus

- Skarabe mwa jen (Cotinis nitida)



- “Scarabée du Nouveau Monde”


Referans foto 3.- https://images.app.goo.gl/6mvF7hyJPSCnYv9J7



A kisa Macracanthorhynchus hirudinaceus la sanble ?
Macrancanthorhyncus hirudinaceus la soti nan fanmi Akantosefal yo ke jeneralman yo rele : « Vè tèt pikan ». Yo ba yo non sa a akoz yo chaje pikan ki antoure bouch yo. Macrancanthorhyncus hirudinaceus yo long soti 10 pou rive 40 santimèt, e yo kapab rive nan 9 milimèt lajè.




Foto 4.- Macracanthorhynchus hirudinaceus

Se Agwonòm Mainviel Noé ki te rekolte echantiyon sa a nan ti entesten kochon, an avril 2005

Kredi foto.- Félix Christ-Love, laboratwa parazitoloji , Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè, 2023 



Foto 5.-  Macracanthorhynchus hirudinaceus

Se Agwonòm Mainviel Noé ki te rekolte echantiyon sa yo nan ti entesten kochon, an avril 2005

Kredi foto.- Félix Christ-Love, laboratwa parazitoloji , Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè, 2023 


Sentom
Lakay kochon yo, lè parazit la fenk ap frape, pa genyen sentom. Lè yo fin miltipliye anpil, yo ralanti kwasans bèt la ki vin ap depafini epi nou kapab jwenn tras san nan poupou bèt la. Lè yo fann bèt la, yo kapab wè nan bwat trip li de ti grenn (timè) epi yon peritonit. Men vè a pa fasil antre nan entesten an.

Lakay moun, sentom yo varye. Li kapab lakoz gwo doulè nan vant, vomisman, san nan poupou, dyare ak san, pèt pwa, twou nan entesten yo, entesten anfle.

Pi bonè nou ta sispèk yon enfestasyon, premye reyaksyon an se rele veterinè ak medsen pou konfime prezans vè a.

Referans :
- Center for disease control and prevention, 2019.Acanthocephaliasis. U. S. Department of Health & Human Services. Consulté en ligne le 18 juin 2024 à 11h35 AM. Lien :

Https://ww.cdc.gov/dpdx/acantocephalisis/index.html
- Blaine A. M., Mehta N., Couturier M. R., 2021. Human acanthocephaliasis: a thorn in the side of Parasite diagnosis. Journal of Clinical Microbiology. Consulté en ligne le 19 juin 2024 à 11h45 AM. Lien : https://www.ncbi.nlm.nih.gov/pmc/articles/PMC8525584/

Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab

Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an. « Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk fina...