Skip to main content

Miyaz, rezilta yon vè mouch kap viv nan kò moun ak nan kò bèt


Foto 1.- Foto Cochliomyia hominivorax, sous Wikipedia 

Kisa miyaz  la ye ?

Yo pale de miyaz lè vè kèk mouch lakoz pran devlope nan kò yon bèt osinon yon moun. Vè sa se yon parazit, se vyann endividi ki abrite li a li manje. Li atake tout kategori bèt. Ou kapab jwenn li sou po osinon anndan kò a.



Kisa ki lakoz li ?

Plizyè mouch kapab ponn ze ki lakoz miyaz lan. Men pami mouch sa yo, nap pale nan atik sa de Cochliomyia hominivorax ki reprezante yon gwo danje pou monton epi ki prezan an Ayiti. Yo rele li Mouch vyann paske li renmen poze sou vyann. Nou pi fasil wè yo lè peryò chalè an Ayiti. Men gen lòt espès nou ka pi fasil wè nan period lapli.

Li on jan difisil pou nou distenge espès yo grenn pa grenn. An jeneral yo vèt oswa ble klere. 

Se femèl yo ki pi danjre. Lè yo poze, yo ponn ze yo ki pral devlope vè yo. Yo ka ponn kote ki pwòp pa egzanp sou yon po ki pwòp tankou kote ki sal. Nan dènye kote sa yo, nou kapab site poupou, dyare, po ki gen grès, po ki gen swè, lèn mouton ki sal, blese ki ouvri. Nan ka sa nap konprann ke yon lèn mouton ki sal ap pi fasil sere vè mouch yo. Epitou mouch sa yo se bèt ki oryante yo ak lodè anpil. Yo sansib ak sant bèt parèy yo, nan ka sa nap di yo sansib ak fewomòn yo. Yo sansib tou a sant matyè kap dekonpoze. Se sa ki fè si pati ki enfekte sou po a pa byen pwoteje ak trete, lòt mouch kapab vin ponn ladan li.

Lè ti bèt yo fenk fèt yo frajil anpil ak Cochliomyia hominivorax la. Lonbrit la se yonn nan pati lakay bebe yo ki frajil anpil. Lè li pako fin geri, mouch fasil vin ponn ladan li.

Lè vè yo kale sou po a osinon sou blese a, vè yo kwoke kò yo epi yo tanmen manje vyann nan.

Foto 2.- Vè Cochliomyia hominivorax la. Sous : Wikipedia 


Sou ki diferan fòm miyaz la ka manifeste ?

Genyen miyaz pa deyò (sou po) tankou genyen miyaz anndan kò. Eksplikasyon ki pral bay la yo valab pou miyaz la lakay bèt tankou lakay moun.

Lè se pa deyò mouch la ponn ze a, li kapab devlope yon boul pi, osinon vè a kapab pike tèt antre anndan kò a osinon tou li kapab fouye pou suiv liy anba po a. Konsa tou, si se sou yon kwout ze yo ponn, sa ka rive yo rete pa deyò epi yo manje kwout la pou nouri yo. Ka sa te prezante nan pye yon mesye ki te genyen yon egzema grav.

Konsa tou, sa ka rive mouch yo al ponn anndan kò a. Se kote ki gent ou nan kò a mouch la antre pou li al ponn : je, bouch, nen, zòrèy, twou bouda, bòbòt, koulout. Vè yo viv menm jan an nan manje vyann kò a.

Gen yon lòt ka enpòtan tou kote vè a vin devlope anndan bèt la, lè konsa bèt la ka rejte li nan poupou osinon vè ka mache nan kò li jis li vin soti sou po a.

Yon enfòmasyon enpòtan sèke se pa nan tout ka tou mouch oblije ponn sou bèt la. Gen de ka kote vè a ki déjà nan anviwònman an (tankou atè) trenen al antre sou bèt la, li ka ale poze sou po l osinon antre nan twou kò li. Yon ensèk ki ap pote vè a sou kò li kapab favorize enfestasyon an tou. Nan netwaye kò l ak lang li, bèt la ka pran vè a epi antre l anndan kò li. Nan ka sa a, nou ka wè bèt la poupou vè mouch yo. 


Foto 3.- Ka miyaz sou po yon chen. Sous : European Scientific Counsel Companion Animal Parasites. Lyen : https://www.esccap.fr/arthropodes/myiases-asticots.html


Kòman li aji kay moun ?

Malgre ka maladi miyaz la pi kouran lakay bèt yo, dega li fè kay moun yo kapab konsiiderab tou. Yon ka kite remakab se lakay yon madanm an Ejip kote anndan kò l te plen vè mouch pandan li te toujou vivan. Yo jwenn ka miyaz yo souvan tou lakay sòlda ki nan lagè yo kote pwoblèm tan, move swen ak move kondisyon lijyèn lakoz blese sòlda sa yo pa janm fin geri vre epi nan konsa vin atire mouch vin ponn ladan yo.



Kòman yo kapab trete li sou po bèt ?

Li enpòtan nan tretman pou nou retire tout vè yo ki anndan blese a. Apresa, fòk nou byen netwaye li, retire tout pij, tout kwout, tout salte. Nou kapab itilize pou fasilite travay sa yon antiparazit. Apresa, se pou nou byen panse blese a.




Kòman yo trete li lakay moun ?
Pi rapid solisyon an se ale wè doktè pou evite vè a fè plis dega. 



Koman nou kapab evite mouch sa yo ?

Pi bon mwayen an rete lapwòpte yon fason pou evite mouch la vini nan anviwònman epi tou pou n kapab detui vè yo sizoka mouch la ta deja ponn. Epitou, fè deparazitaj lakay bèt yo.

Nan dezenfekte a, sa konn rive yo dezenfekte poupou bèt yo men nan ka sa yo, sa konn vin rive poupou sa yo vin paka dekonpoze.

Nan peyi ki pi avanse yo, yo itilize yon metòd yo rele “otosid” kote yo devlope de mal steril pou al kwaze ak femèl yo. Etan done yo steril, sa vin fè malgre kwazman an, femèl yo pa rive ponn ze ki ka devlope an vè.



Referans

- Leclercq M., Les myiases. Revue Médicale de Liège vol III no 6. Liège, Belgique. 8p

- Gourreau J. M., 2011. Les myiases cutanées. Insectes no 160 – 2011(1). 4p

Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab

Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an. « Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk fina...