Skip to main content

Yon lane anplis !






Manje se premye medikaman kò a. Rechèch jounen jodiya ap mete aksan chak jou pi plis sou relasyon sa nou manje ak eta sante nou. Aliman yo ede nou grandi, yo bay ògàn nou sa yo bezwen pou yo konstui epi pwoteje nou. Men pou aliman yo ede nou grandi, se pa sèlman kantite yo pou nou konsidere; genyen kalite yo tou. Sa vle di, ki pòsyon eleman nitritif yo genyen, nan ki dimansyon yo pwòp, sen, kote yo pa genyen danje pou sante nou. Avèk kontaminasyon biyolojik ak parazit, bakteri, kontaminasyon ak lòt eleman chimik tankou toksin, pwazon, eleman fizik tankou mikwo plastik san konte modifikasyon jenetik, kalite sa nap manje yo vin yon koze konplike. Kidonk nou pa ka manje jis pou manje, fòk nou manje yon fason ki responsab pou sante nou, pou anviwònman an ak jenerasyon kap vini yo. Nosyon sekirite alimantè a vin defini kantite, kalite ak enpak sa nou manje.


Sous : https://news.un.org/en/story/2015/04/495232


Les lettres de Felix, genyen yon lane anplis depi li ap fòme ak enfòme nou sou kalite aliman nou yo, sitou sa ki soti lakay bèt yo, ak danje yo kapab pote pou sante nou. Objektif la pa chanje. Enfòmasyon dwe aksesib, fasil pou konprann yon fason pou tout moun ka konsyan sou sitiyasyon yo ak sou fason pou yo pwoteje tèt yo.

Nan pèspektiv nou pou nouvèl ane sa a, nou genyen :

- lansman paj la an fransè ak anglè

- patenarya ak platfòm Sauvons l'Agriculture

- travay ekseprimantasyon, rechèch ak devlopman sou sijè nou yo

- de sijè pi varye epi ki touche lòt aspè tankou anviwonman



Mèsi paske w toujou fidel ak nou! N ap pouse pou pi devan !

Comments

Popular posts from this blog

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab

Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an. « Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk fina...

Anisakis, ti vè blan nan aransò yo

 Foto 1.- Anisakis spp nan yon arans ò.  F é lix Christ-Love, 2022 Dènye tan sa yo, anpil konsomatè remake lè yo achte aransò, pwason yo genyen de ti vè blan anndan yo. Vè sa yo se sa yo rele Anisakis . Kisa yo ye ? Ki kote yo sòti ? Ki danje ki gen ladan yo? Jodiya nap debat sijè sa a. Anisakis yo fè pati kategori vè won. Yo ka blanch oswa yon koulè wouj ki atire sou nwa epi yo parèt on jan tòde. Ou jwenn Anisakis pi souvan lakay bèt nan dlo sale. Yo pako jwenn vè sa lakay bèt dlo dous yo ak bèt ki soti nan elvaj. Men sa rive deja yo jwenn li lakay pwason ki fè migrasyon yo, sa vle di pwason ki konn fè aleretou nan dlo sale ak dlo dous. W plis jwenn Anisakis nan pati abdomèn pwason yo ak nan pati yo rele visè yo. Men sa konn rive tou vè an rive nan chè pwason an menm. Anisakis yo alèz pou yo rete lakay gwo pwason tankou dofen, reken yo. Men lè gwo pwason yo rejte yo, yo al kontamine “kristase” tankou chevrèt yo. Ti pwason tankou aran, jòfi ak « sefalopod » t...

Ti douv, gran douv

Foto 1.- Ka kontaminasyon Dicrocoelium dentriticum lakay yon kabrit femèl ki sòti Lestè. Abatwa kominal Kwadèmisyon. Félix Christ-Love 2022 Douv se yon parazit nou jwenn jeneralman kote ki gen ma dlo, marekaj ak zèb. Nou jwenn li lakay plizyè gwoup bèt men alafen se lakay bèt ki manje zèb yo li renmen rete. Genyen de kategori douv : ti douv, gran douv.   Ti douv la ki gen pou non syantifik Dicrocoelium dentriticum lakoz yon maladi yo rele dikwoselyoz. Sik devlopman Dicrocoelium dentriticum la se : kalmanson – foumi – bèt oswa moun (Leberegel, 2021). Nan ka  Dicrocoelium dentriticum kanal yo ki mennen bil la parèt dilate epi li blanch. Lè ou pèse kanal yo, wap wè bil la parèt tou nwa epi wap wè tou vè  Dicrocoelium dentriticum yo . Fwa parèt gonfle, epi se tankou li pouri avèk yon bann tach blanch sou li (Troncy, 1981). Genyen de jiska twa kategori gran douv ki se Fasciola hepatica , Fasciola gigantica , Fascioloides magna . Nan travay sa, nap pale de Fasciola hepa...