Skip to main content

Pouki rezon fanm ansent dwe rete kanpe lwen chat ?

Nan rale mennen vini nou te fè sou parazit lakay zannimo domestik ki kapab lakoz zowonoz, nou te pale de chen ak sestodoz yo ! Men, sou menm sijè sa a, nou pa kapab neglije pale de chat ak toksoplasmoz.


Kisa ki toksoplasmoz la ?
Toksoplasmoz la se yon maladi parazit Toksoplasma gondii lakoz. Parazit sa tèlman piti ke nou pa kapab wè li ak je nou senpman.

Ki bèt ki ka trape li ?
Toxoplasma gondii a se lakay chat la menm li alèz. Nan poupou osinon nan fwotman, parazit la al enstale li lakay moun, bèt ak nan manje. Nap konprann tou ke nan kondisyon sa yo, moun kapab trape maladi a pa sèlman nan kontak avèk chat men tou nan manje vyann bèt osinon plant/ fui ki kontamine,
Lè parazit la lakay bèt la, li vin fòme de kis, Lè vyann yo mal kuit, parazit la nan kis sa yo pa mouri e se nan manje yo kontaminasyon an pral kontinye.
Konsa tou, nou kapab kontamine menm nan pousyè ki genyen parazit la.
Sèl mwayen kontaminasyon moun ak moun yo jwenn nan ka maladi toksoplasmoz la se soti nan manman ale jwenn bebe ki pako fèt la.

Kòman maladi a manifeste lakay chat la ?
Pa konn genyen siy vre maladi a lakay chat apa de ka pwoblèm poumon.

Kòman maladi a manifeste lakay moun ?
Toksoplasmoz la jeneralman pa lakoz gwo pwoblem lakay moun ki byen pòtan. Men li se yon risk pou moun sante yo deja frajil yo tankou moun ki genyen SIDA e sitou timoun ak fanm ansent yo. Lè li rantre nan òganis moun/ bèt la, parazit la ale nan san an epi li gaye nan tout kò a.
Lakay moun byen pòtan yo, se jeneralman grip ak fyèv, fatig epi glann. Lakay medam yo, si gwosès la nan yon stad avanse, li ka lakoz move devlopman je, sèvo bebe a. Sa ka vin lakoz nan kèk ka timoun nan vin gen yon ti reta entèlektyèl. Mete sou sa, bebe a ka genyen lajonis. Men, si se nan kòmansman gwosès la, li kapab menm lakoz fos kouch osinon timoun nan ka fèt tou mouri ; nou jwenn menm ka sa yo lakay bèt ki plenn ki trape parazit la. Se egzamen san osinon tès PCR yo fè pou yo kapab konfime malady toksoplasmoz la.

Kòman yo trete li?
Wi genyen tretman pou toksoplasmoz, an jeneral se medikaman kont bakteri ak parazit ke yo ye. Se doktè apre konfimasyon maladi a ki ap preskri medikaman yo.
Fok nou pran anpil prekosyon lè nap netwaye poupou chat yo, pou nou evite manyen yo ak men nou yon fason pou parazit la ta va poze sou nou. Dezenfektan jeneral pa touye parazit la, si nou gen kote ki te kontamine ak poupou chat, li preferab pou nou netwaye yo ak dlo cho.
Epitou, pou moun ki gade bèt kifè elvaj, kenbe chat yo lwen bèt yo yon fason pou poupou chat pa al kontamine manje yo. Evite bay chat yo manje vyann kri ki ta ka genyen kis. Netwaye poupou chat la pi rapid ke posib, parazit la komanse danjre nan poupou apati youn pou rive senk jou. Nan tout ka kontaminasyon yo, maladi a pran youn a twa semèn pou l deklare lakay moun. Lè vyann nan byen kuit ak lè li konseve nan frizè anba -18 degre Sèlsiyis, parazit la mouri.


Referans
- Toxoplasmose, 2024. Centre Canadien d’Hygiène et de Sécurité au Travail. https://www.cchst.ca/oshanswers/diseases/toxoplasmosis.html
- Toxoplasmose, 2024. Gouvernement du Québec. https://www.quebec.ca/agriculture-environnement-et-ressources-naturelles/sante-animale/maladies-animales/liste-maladies-animales/toxoplasmose
- Toxoplasmose, 2024. VIDAL. https://www.vidal.fr/maladies/systeme-nerveux/toxoplasmose.html


Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab

Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an. « Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk fina...