Skip to main content

Vè Parascaris equorum lakay cheval



Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love

Entwodiksyon

Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen. 

Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp. 

Sa ta pral yon gwo kriz ijyèn ak konfyans. Ijyèn paske sa te montre konpayi a pa gen kontwòl sa lap vann moun. Jan li te vyann cheval la konsa li te ka yon pwodui danjere, yon tras (parazit, viris) maladi. Konfyans, paske nan peyi sa yo se aprè anpil kontwòl yo ba w lisans pou w vann ak ekspòte bagay pou moun manje e ke malgre tout kontwòl sa yo, malgre lajan yo depanse, popilasyon an te pran nan move mamit kan menm.

Se kòmsi yon advantis ta va ap manje yon sosis yo di l ki fèt ak poul epi lè l al analize l, li jwenn vyann kochon ladan li. Konsa tou li te ka pa yon lòt vyann men nenpòt pwodui ki pa gen plas li la. Nou sonje skandal ki te genyen Ayiti apre dout ki te genyen sou prezans matyè fekal nan salami.

Alòs akoz enpòtans konsomasyon li e sitou akoz fason yo neglije prete atansyon ak règlemantasyon li, nan menm liy ijyèn ak parazitoloji a, nan atik sa a, nap al pale de Parascaris equorum, yo vè ki ase kouran lakay cheval toupatou nan mond e ke yo te rive dekouvri an Ayiti.



Kisa Parascaris equorum nan ye? A kisa li sanble ?
Se yonn nan de prensipal espès Ascaris yo jwenn lakay cheval. Li pi kouran e ou jwenn li anpil lakay poulen yo. Li ka mezire prèske 40 santimèt epi li gen yon koulè jòn atire sou vèt oswa blan.



Foto 2.- Spesimèn Parascaris equorum nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love


Kòman li manifeste kay bèt la?
Pa gen siy presi ki endike prezans vè a lakay bèt la. Se ak kèk sentom jeneral takou dyare, gaz li manifeste. Pafwa vè yo konn suiv wout yo rive jis nan nen bèt la ki lè konsa vin gen ekoulman nan nen li. Lè vè yo anpil nan kò bèt la (sitou apre tretman), yo ka menm rive bouche entesten li.


Ki tretman ki genyen pou li?
Pou tretman, medikaman ki pi kouran yo se antèlmentik, dozaj yo se sou laj bèt la.


Eske moun ka trape li ?
Pou jounen jodiya, yo pa konnen li kòm zowonoz men yo fè konnen moun ka enfekte avèk li. Nan atik " Jen 2022, nan lopital Kanbera nan peyi Ostrali, yo jwenn premye ka Ascaris nan sèvo yon moun"  nou te pale de jan yon Ophidascaris robertsi te fè wout li soti lakay yon koulèv pou li te rive nan sèvo yon fanm. Sete premya fwa yo te obsève ka sa a pou 
Ophidascaris robertsi. Alòs se menm jan an, vè Parascaris equorum la gen tout posibilite li pou li ta al ateri nan kò yon moun.



Referans :
- Merck Animal Health. Ascarids. Consulté en ligne le 29/05/2024 à 10h20 PM. Lien : https://www.merck-animal-health-usa.com/condition/ascarids
- Université Saskatchewan, 2021. Parascaris equorum. Consulté en ligne le 29/05/2024 à 6h23 AM. Lien : https://wcvm.usask.ca/learnaboutparasites/parasites/parascaris-equorum.php
- Taylor S., 2023. What did we learn from the Horsemeat scandal, and should we still be worried? Consulté en ligne le 29/05/2024 à 21h46 PM. Lien : https://www.highspeedtraining.co.uk/hub/horsemeat-scandal-facts-and-effects/

Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab

Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an. « Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk fina...