Skip to main content

Posts

Atansyon ak maladi chabon !

Kisa  “ maladi   chabon ” an  ye  ?  Chabon se yon maladi yon bakteri (nou pa kapab wè li sou je) kirele « Bacillus anthracis » lakoz, nou jwenn li nan tout peyi nan mond lan e sitou lakay mamifè yo (domestik, elvaj tankousovaj). Men bèt ki manje zèb yo pi fasil trape li (bèf, cheval, kabrit, mouton…). Zwazo yo ka trape maladi chabon tou, men li pa fasil. Youn nan gwo pwoblèm ki genyen ak Bacillus anthracisla, sèke li pa janm fin disparèt vre. Lè li pa jwenn bon kondisyonpou li devlope, bakteri a vin fòme yon koki. Li rete kache anndan koki sa jiskaske kondisyon yo vin pi bon. Koki sa kakache nan tè a, nan manje bè yo, nan dlo. Se sa ki fè, li konseyepou yo pa itilize keseswa pou fè jaden osinon pou gade bètteren/ espas kote bèt ki te gen maladi a te pase. Maladi chabon gen yon enterè pou sante tankou pou sekiriteakoz nan lane 2001, nan peyi Etazini, de moun voye nan lapòsde koli pyeje ak Bacillus anthracis sa ki te vin lakoz 22 moun te trape maladi a epi 5 te ...

Macracanthorhynchus hirudinaceus, yon vè tèt pikan lakay kochon

Foto 1.- Sus scrofa domesticus   (Kochon ) Referans :  https://www.pexels.com/fr-fr/chercher/cochon/ Macracanthorhynchus hirudinaceus se yon parazit yo jwenn nan entesten kochon epi ki kapab enfeste moun. Yo konn jwenn li tou lakay chen ak lot bèt sovaj toujou nan fanmi kochon. Pou M. hirudinaceus la devlope, li bezwen abrite li kay yon ensèk (skarabe, kolewoptè). Lè chen oswa kochon ki genyen vè a lakay yo poupou, yo jete ze vè a nan poupou a. Lè ensèk yo kounya ale nan poupou sa a, yo manje vè a. E se lakay yo vè a pral devlope. Se sa ki fè nou bezwen trè pridan ak manje nou. Trè souvan nou kouri dèyè mouch ki ap vin poze sou manje nou pandan nou neglije foumi ak lòt ensèk yo. Pou anpil parazit, ensèk yo jwe wòl vektè, sa ve di yo abrite lakay yo, yo rete devlope la distans pou yon jwenn yon lòt kote (manje, bèt, moun) pou y al kontamine. Se konsa tou nou bezwen pridan anpil lè bèt yo al poupou nan jaden yo.  Yo jwenn  Macracanthorhynchus hirudinaceus la nan...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...

Sigwatera, entoksikasyon nan manje pwason

  Foto 1 .- Barakouda. Sous :  https://images.app.goo.gl/8XqJ8tSJPXKzsrpt8 Pwason se yonn nan pi bon aliman nou ta kapab manje. Li genyen asid gra omega3, pwoteyin, minewo ak vitamin A, D, E. Men pwason yo tou konn lakoz maladi ak entoksikasyon. Nan atik sila a, nap pale de yon ka entoksikasyon alimantè pwason lakoz, ki kouran nan Karayib la, ki rele Sigwatera (ciguatera). Kisa ki lakoz li ? Kòman pwason yo fè trape li ? Se yon eleman ki rele sigwatoksin (ciguatoxine) ki lakoz entoksikasyon an. Nan resif koralyen yo (koray), plant nou jwenn nan dlo a pwodui toksin sa yo menm menm. Lè ti pwason ki nan resif la al manje plant sa yo, yo trape li. Kounya suivan prensip chèn alimantè a, gwo pwason ki nan resif yo al manje ti pwason yo. Lè yo manje anpil ti pwason ki deja gen toksin lan, yo menm yo vin genyen l tou nan yon konsantrasyon ki ka afekte moun kap manje yo.   Ki pwason ki plis trape li ? Pwason ki plis trape li se pwason ki viv nan koray. Lè nap konsid...

Taboularaza dèyè Varoa

  Foto 1.- Ka d ki soti nan yon  rich .  Kou apikilti 2021. F èm  d amy en. Kr e d i  F É LIX Christ-Love 20 M e se te jounen mondyal abèy ak polinizatè. Nou konnen enpòtans abèy yo nan pwoteje biyodivèsite, li enpòtan pou nou pwoteje yo. M en konsa tou, abèy yo pa alabri maladi ak parazit. Nan atik sa a, nap pale de varoa, yon parazit kèk apikiltè an Ayiti ap konfwonte nan koloni yo.   Kisa Varoa ye ? Varroa destructor se yon parazit ki lakoz maladi varowoz lakay abèy yo. Varroa destructor la enstale li sou kò abèy la epi li souse san li. Lè abèy la ap vole soti nan yon flè al nan yon lòt, kwaze ak lòt abèy, sa bay Varroa posibilite pou li tou kontamine lòt koloni.   A kisa Varoa a sanbl e? Varoa a sanble ak yon ti krab.  Foto 2: Varoa sou lav ab èy. Kr e di foto Oxalika  Foto 3: Varoa kap antr e  nan yon alv e y ò l.  Kr e di foto Oxalika  Kòman li manifeste ?   Varoa afebli sistèm iminitè poliniz...

Pri CLE Chanpyon Lakay

  Piti piti zwazo fè nich li. Malgre kondisyon pou avanse an Ayiti difisil, pou paran nou, efò sa ki pi gran yo ak jenerasyon sa kap vini yo, nou pa ka bay vag e piti piti efò yo ap pote fui. Pataje ak mwen premye pri mwen resevwa pou pwojè rechèch mwen sou Konsèvasyon mango Fransik nan kad konkou nasyonal Chanpyon Lakay.  Nap kontinye avanse ! 

Eske n ka manje vyann bèt ki mouri lanmò bridsoukou ?

  Nan mantalite ayisyen, nou gen yon abitid di vyann pa dwe gaspiye. Apr e tout envestisman ki konn fin fèt pou gade yon bèt, li konn yon kou di pou pwopriyetè yo gade bèt sa tonbe mouri bridsoukou. Souvan gen yon entansyon pou yo ta vann li osinon manje l. Konsa tou, menm kan pwopriyetè yo yo menm konsanti a jete bèt la, nou konn jwenn lòt moun pase a kote vin pran li toujou swa pou yo manje osinon pou yo ale vann.   Istwa bèt tonb e mouri bridsoukou sa a, nou jwenn li tou pou bèt nan lanmè. Nap sonje  k òma n kèk fwa yo konn sinyale de gwo pwason ki vin echwe sou rivaj yo. Reyaksyon yo nan ka sa yo pa diferan, nan popilasyon yo, nou toujou jwenn moun tou pare pou rale kouto yo pou yo tranche moso pou yo al manje. M en, nan tout literati sa, f ò k nou konprann ke si yon bèt mouri bridsoukou, menm kan nou pa wè aklè rezon ki ta dèyè lanmò a, genyen kan menm yon eleman ki responsab, e nan aksyon nou, kapab genyen konsekans pou nou ak sante nou.  Nan tr...