Skip to main content

Taboularaza dèyè Varoa

 

Foto 1.- Kad ki soti nan yon richKou apikilti 2021. Fèm damyen. KredFÉLIX Christ-Love


20 Me se te jounen mondyal abèy ak polinizatè. Nou konnen enpòtans abèy yo nan pwoteje biyodivèsite, li enpòtan pou nou pwoteje yo. Men konsa tou, abèy yo pa alabri maladi ak parazit. Nan atik sa a, nap pale de varoa, yon parazit kèk apikiltè an Ayiti ap konfwonte nan koloni yo.

 

Kisa Varoa ye ?

Varroa destructor se yon parazit ki lakoz maladi varowoz lakay abèy yo. Varroa destructor la enstale li sou kò abèy la epi li souse san li. Lè abèy la ap vole soti nan yon flè al nan yon lòt, kwaze ak lòt abèy, sa bay Varroa posibilite pou li tou kontamine lòt koloni.

 

A kisa Varoa a sanble?

Varoa a sanble ak yon ti krab. 

Foto 2: Varoa sou lav abèy. Kredi foto Oxalika 


Foto 3: Varoa kap antre nan yon alveyòl.  Kredi foto Oxalika 

Kòman li manifeste ?  

Varoa afebli sistèm iminitè polinizatè yo. Sa fè yo viv pèdi pwa, fatige pi rapid kidonk yo vin vole mwens, pi fasil pou trape maladi epi viv mwen lontan. Lakay mal yo, li afebli kapasite yo pou yo pwodui spèmatozoyid. Tout pwoblèm sa yo vin lakoz travay polinizasyon an diminye epi abèy yo an patikilye pwodui mwens (siwomyèl, lasi, elatriye). Nan kondisyon sa yo, suivan gwosè koloni an ak nivo enfestasyon an, nan kèk ane ak yon ti tan kout, Varoa kapab detui tout yon koloni.

Gen yon teknik senp pou ede nou konnen si gen varoa nan yon koloni. Nap pran yon fèy papye, nap grese li epi nap mete li pa anba rich la. Apre de oswa twa jou, nap jwenn Varoa ki mouri sou fèy papye a. Yo estime nan metòd sa, pou chak Varoa nou jwenn ki mouri, nou dwe konsidere genyen ant 100 a 150 Varoa nan rich la. Spesyalis yo di tou ke limit Varoa yon koloni kapab sipòte avan li ta detui se 2 500.

 
Foto 4.- Kou apikilti 2021. Fèm damyen. KredFÉLIX Christ-Love

Kòman nou kapab konbat li ?   

Avantaj ki genyen sèke gen medikaman ki egziste pou konbat Varoa. Men akoz abèy yo se bèt ki frajil, nan pwosesis pou konbat Varao, apikiltè yo genyen pou yo pran twa prekosyon an patikilye :

-          Evite touye abèy yo

-          Evite kontamine siwomyèl la

-          Evite devlope rezistans lakay parazit yo

Sa nou konseye nan ka sa, sèke apikiltè yo konbine metòd fizik ak chimik yo pou konbat parazit la. Aplikasyon metòd fizik yo ap sèvi pou diminye kantite Varoa ki nan koloni an. Apresa metòd chimik yo ap sèvi pou touye rès yo.


Kisa metòd fizik yo ye?

Premye metòd la se detui ze Varoa yo. Si pa gen ze parazit yo pap ka renouvle. Femèl Varoa yo renmen ponn nan selil fo boudon yo fè. Strateji a se itilize selil fo boudon nan kad yo anndan rich yo. Femèl Varoa a yo ap vinn ponn anndan selil yo nan kad spesyal sa. Apresa apikiltè a ap annik pran kad yo epi boule yo. 

Dezyèm metòd fizik la se chalè. Apikiltè yo ap genyen pou yo chofe kad yo. Parazit yo ap mouri akoz chalè a. Men fòk nou pridean tou pou kantite chalè a pa twòp pou abèy yo.

 

Kisa metòd chimik yo ye?

Se de medikaman ke nou kapab itilize sou preskripsyon men ki toujou mandepou nou pridan nan aplikasyon yo akoz yo kapab kontamine siwomyèl ak lòt pwodui abèy yo fè ke moun konsome. Kèk yo itilize se asid fòmik, timòl, amitraz. Yon lòt konsèy nan ka sa a, se pratike kanpay kont Varoa yo suivan sik abèy yo. Pou metòd aplikasyon pwodui prensipalman asid fòmik nou kapab li dokiman « L’application de l’acide formique par la méthode flash » Jean Pierre Chapleau ekri.

 

Referans :

-   Méthodes et traitement pour se débarrasser du Varroa. Apiculteur.net

VIDAL-NAQUET N., 2011. Les maladies de l’abeille domestique d’élevage, Apis mellifera L. France. Bull. Acad. Vét. Tome 165 – no 4. 10p

- Jean Pierre Chapleau, 2008. L’application de l’acide formique par la méthode flash. https://www.agrireseau.net/apiculture/documents/8_chapleau_jp_resume.pdf

Varroa: comment le reconnaître et comment lutter. Guide 2022 | OXALIKA

 

Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Pouki rezon fanm ansent dwe rete kanpe lwen chat ?

Nan rale mennen vini nou te fè sou parazit lakay zannimo domestik ki kapab lakoz zowonoz, nou te pale de chen ak sestodoz yo ! Men, sou menm sijè sa a, nou pa kapab neglije pale de chat ak toksoplasmoz. Kisa ki toksoplasmoz la ? Toksoplasmoz la se yon maladi parazit Toksoplasma gondii lakoz. Parazit sa tèlman piti ke nou pa kapab wè li ak je nou senpman. Ki bèt ki ka trape li ? Toxoplasma gondii a se lakay chat la menm li alèz. Nan poupou osinon nan fwotman, parazit la al enstale li lakay moun, bèt ak nan manje. Nap konprann tou ke nan kondisyon sa yo, moun kapab trape maladi a pa sèlman nan kontak avèk chat men tou nan manje vyann bèt osinon plant/ fui ki kontamine, Lè parazit la lakay bèt la, li vin fòme de kis, Lè vyann yo mal kuit, parazit la nan kis sa yo pa mouri e se nan manje yo kontaminasyon an pral kontinye. Konsa tou, nou kapab kontamine menm nan pousyè ki genyen parazit la. Sèl mwayen kontaminasyon moun ak moun yo jwenn nan ka maladi toksoplasmoz la se soti nan manman ale ...

Sou lanbi, palaso, chatwouj ak lòt ankò

Foto 1: Specimèn kou malakoloji - Laboratwa Zowoloji. Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè. Félix Christ-Love (2023) Pami bèt nou plis abitye ak yo an Ayiti, nan komès, kuizin oswa nan anviwònman nou, genyen gwoup yo rele « bèt a kò mou san eskèlèt» yo. Nan gwoup sa a, yo rekonèt genyen 85 000 espès anviwon. Nou jwenn bèt sa yo nan lanmè tankou sou latè. Kèk ladan yo nou plis konnen an Ayiti se kalmanson, chatwouj, lanbi, palaso. Nou manje yo, epi nou itilize kokiyaj yo pou dekorasyon. Se toujou yon lakontantman pou nou mete zorèy nou nan kèk kokiyaj pou nou tande « bri vag lanmè » a. Men kokiyaj yo gen plis itilite ak istwa ke sa nou konnen bò lakay nou yo. Nan tèks sa a, nap jwenn yon devlopman sou itilite “bèt a kò mou san eskèlèt” yo, plas yo nan alimantasyon nou, nan anviwònman nou ak danje yo kapab reprezante. Nap jwenn tou kèk referans imaj kap ede nou idantifye kèk ladan yo. Nou kapab kenbe 5 gran itilite lakay yo : 1) Yo ede nan siveye evolisyon (kalite) anviwonman an. Journal ...