Skip to main content

Sigwatera, entoksikasyon nan manje pwason






 

Foto 1 .- Barakouda. Sous : https://images.app.goo.gl/8XqJ8tSJPXKzsrpt8


Pwason se yonn nan pi bon aliman nou ta kapab manje. Li genyen asid gra omega3, pwoteyin, minewo ak vitamin A, D, E. Men pwason yo tou konn lakoz maladi ak entoksikasyon. Nan atik sila a, nap pale de yon ka entoksikasyon alimantè pwason lakoz, ki kouran nan Karayib la, ki rele Sigwatera (ciguatera).


Kisa ki lakoz li ? Kòman pwason yo fè trape li ?

Se yon eleman ki rele sigwatoksin (ciguatoxine) ki lakoz entoksikasyon an. Nan resif koralyen yo (koray), plant nou jwenn nan dlo a pwodui toksin sa yo menm menm. Lè ti pwason ki nan resif la al manje plant sa yo, yo trape li. Kounya suivan prensip chèn alimantè a, gwo pwason ki nan resif yo al manje ti pwason yo. Lè yo manje anpil ti pwason ki deja gen toksin lan, yo menm yo vin genyen l tou nan yon konsantrasyon ki ka afekte moun kap manje yo.

 

Ki pwason ki plis trape li ?

Pwason ki plis trape li se pwason ki viv nan koray. Lè nap konsidere gwo pwason yo, kèk egzanp se barakouda, pwason pèwokè, zangi (moray), vivano.

 

Kòman li manifeste lakay pwason yo ?

Li pa posib pou w di sou je si yon pwason kontamine a toksin nan. Pa gen okenn chanjman ni nan koulè, ni nan gwosè, ni nan gou pwason ki genyen sigwatoksin nan. Anplis, menm kan w kuit pwason an, chalè a pa elimine toksin nan. Konsa tou, kit pwason an konsève nan glas, kit la sale, kit li pran lafimen, kit li seche sigwatoksin nan toujou la.  

 


Foto 2.- Pwason vivano. Sous : https://images.app.goo.gl/1QNDKS5ZVRiMMBvu8



Foto 3 .- Pwason vivano nan yon makèt nan Delma an Ayiti. Kredi : Félix Christ-Love 


Ki siy entoksikasyon an lakay moun?

Lè nou fin manje pwason an, premye siy entoksikasyon yo kapab parèt soti kèk minit pou rive kèk èdtan, sa depan de jan kò moun nan li menm reyaji a toksin lan. Premye siy yo se :

-          Vomisman

-          Dyare  

-          Tèt vire

-          Doulè nan lestomak

-          Fatig

-          Maltèt

 

Nan kèk ka tou, nou kapab jwenn :

-          Laraj dan

-          Gratèl ak pikotman

-          Vizyon twoub

-          Yon sansasyon gou metal nan bouch ou

 

Foto 4.- Poisson perroquet. Sous : https://images.app.goo.gl/8gd49fDqRSSWfXNu9



Foto 5 .- Pwason pèwokè nan yon makèt nan Delma nan Ayiti. Kredi : Félix Christ-Love 

Kòman li trete ?  

Pa gen tretman ofisyèl pou entoksikasyon sila a. Men pami tout tretman tradisyonèl yo, nou genyen luil maskreti ke yo itilize. Apresa, se fè reidratasyon (ak sewòm oral), evite konsome manje/ bwason ki kapab twouble sistèm malad la (kafe, alkòl, pwodui ki fèt ak lèt, tout kalite nwa : pistach, zanmann, nwa). Li konseye tou pou malad la evite fè gwo aktivite fizik.

Efè entoksikasyon ak sigwatoksin nan ki dire sou kèk mwa.

 

Kòman w ka evite li ?

Premye konsèy la se evite manje gwo pwason nou jwenn nan resif yo.

Dezyèm konsèy la, si nap manje pwason sa yo kan menm, evite manje tèt yo, fwa yo, ze yo paske se la toksin lan plis chita.

 

Referans :

-          Anses, 2022. Manger du poisson, pourquoi, comment? 27/05/2024 6h23 AM Lien : https://www.anses.fr/fr/content/manger-du-poisson-pourquoi-comment#:~:text=Pourquoi%20consommer%20du%20poisson%20est,pr%C3%A9vention%20des%20maladies%20cardio%2Dvasculaires

-          Ciguatera fish poisoning fact sheet, 2017. California Department of Public Health Division of Communicate Disease. 3p

-          Centers for disease control and prevention, 2022. Food poisoning from seafood. 27/25/2024 7h 11 AM Lien : https://wwwnc.cdc.gov/travel/page/fish-poisoning-ciguatera-scombroid

-          World Health Organization, 2020. Ciguatera poisoning. 5p 27/25/2024 7h 38 AM Lien : https://iris.who.int/bitstream/handle/10665/352191/WHO-HEP-NFS-SSA-2022.1-eng.pdf?sequence=1

Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab

Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an. « Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk fina...