Skip to main content

Eske n ka manje vyann bèt ki mouri lanmò bridsoukou ?

 

Nan mantalite ayisyen, nou gen yon abitid di vyann pa dwe gaspiye. Apre tout envestisman ki konn fin fèt pou gade yon bèt, li konn yon kou di pou pwopriyetè yo gade bèt sa tonbe mouri bridsoukou. Souvan gen yon entansyon pou yo ta vann li osinon manje l. Konsa tou, menm kan pwopriyetè yo yo menm konsanti a jete bèt la, nou konn jwenn lòt moun pase a kote vin pran li toujou swa pou yo manje osinon pou yo ale vann.  

Istwa bèt tonbe mouri bridsoukou sa a, nou jwenn li tou pou bèt nan lanmè. Nap sonje kòman kèk fwa yo konn sinyale de gwo pwason ki vin echwe sou rivaj yo. Reyaksyon yo nan ka sa yo pa diferan, nan popilasyon yo, nou toujou jwenn moun tou pare pou rale kouto yo pou yo tranche moso pou yo al manje.

Men, nan tout literati sa, fòk nou konprann ke si yon bèt mouri bridsoukou, menm kan nou pa wè aklè rezon ki ta dèyè lanmò a, genyen kan menm yon eleman ki responsab, e nan aksyon nou, kapab genyen konsekans pou nou ak sante nou. 

Nan travay jodiya, nap gade divès rezon ki kapab lakoz yon bèt tonbe mouri bridsoukou, risk ki kapab genyen nan manje vyann bèt sa yo epitou, nan ka ki plis danje yo, reyaksyon pou nou genyen ak kakas yo.

Li toujou enpòtan lè nou gen bèt ki mouri bridsoukou pou nou chache konnen koz lanmò yo. Imajine pa egzanp yon bèt ta va tonbe mouri akoz pwazon ki ta va nan manje li. Si koz lanmò a pa idantifye epi sous pwazon an pa limite, sa kapab lakoz lanmò lòt bèt nan cheptèl la, konsa tou, si n al manje vyann sa, sa depan de pwazon an, nou menm tou kapab afekte.

Pou yon bèt ki an sante ki ta va tonbe mouri akoz yon faktè eksteryè, nan ka sa nou kapab site :

- chòk/ aksidan : aksidan machin,

- emoraji : sitou si se pa anndan san ap vide, sa konn rive apre yon aksidan, yon mizba

- trangle : bèt la ka vale yon bagay ki kwoke nan gòjèt li ki anpeche l respire 

- toufe

- kouran 

- strès .- pa egzanp apre yon vwayaj

 pa genyen risk si nou ale manje vyann sa a nan yon delè rezonab (sa vle di twòp tan apre aksidan an ta fin pase).

 

Si se pa okenn nan rezon nou site anlè yo, nou kapab konsidere pis anpwazònman / entoksikasyon an. Nan ka sa a, nou pa ka twò pale de lanmò bridsoukou akoz suivan pwazon an, si se yon entoksikasyon lan, nou kapab wè kèk siy alavans. Si se yon pwazon vyolan, kapab toujou gen siy, sèlman peryòd pou reyaji a ap piti. Pwazon pa si difisil pou jwenn ke sa n ta ka panse nan mitan yon elvaj :

-  Yon ensektisid nan yon jaden

ire ki nan angrè

-  pwazon rat

venen lòt bèt

plant toksik ki kapa lakoz meteworizasyon (vant bèt la vin gonfle)

- yon eleman an eksè nan yon manje, 

kapab lakoz lanmò lan osinon rapid. Entoksikasyon pa gen sentom karakteristik, men gen kèk ki kapab alète nou. Kèk siy nou ka wè se: bave san rete, vomisman, dyare, latranblad, difikilte pou kanpe. Genyen tou avòtman lakay bèt ki plenn yo.


Kouya, eske n kapab manje vyann yon bèt ki mouri pa anpwazònman?

Suivan tip pwazon an, sa ka riv ou manje yon bèt ki mouri pa anpwazònman. Kòm egzanp, genyen teknik pou lapèch ki itilize pwazon, men nan teknik sa a, se de pwazon yo tire nan plant ki sèvi pou toudi pwason an epi ki pa kontamine vyann li. Men, nan ka yon bèt pa egzanp ki ta va mouri akoz li manje pwazon rat, epi yon lòt bèt oswa moun ta ale manje li, yo pale de toksisite relè, risk kontaminasyon an toujou egziste paske gen tras pwazon an nan òganis bèt la, men akoz diferan doz yo, risk lan vin diminye anpil. Men, si pratik manje bèt ki mouri pa anpwazònman an repete yon kantite fwa sou yon peryòd ki kout, li vin reprezante yon danje.

 

Lòt koz lanmò bridsoukou lakay bèt yo se konn parazit/ bakteri ak defisyans/ karans.


Kèk parazit/ bakteri ki kapab lakoz lanmò bridsoukou se :

Clostridium (Clostridium perfringens, C. sordellii) nan ka sa a apre nekropsi a, nap dekouvri entesten bèt la tounwa.

Haemophilus somnus ki apre nekropsi nap dekouvri abse nan kè a ki lakoz pwoblèm kadyak

- Divès bakteri ki lakoz mamit yo. Nan ka sa yo, lanmò a pa bridsoukou men pa rapò a neglijans ki konn genyen nan ka mamit lan, lanmò a konn parèt apre yon ti tan lè parazit yo miltipliye an eksè

M. haemolytica ki kapab poze pwoblèm pou respire

Genyen divès lòt bakteri toujou ki kapab lakoz derègleman nan sistèm bèt la osinon enfeksyon. Yonn ki popilè anpil se Bacillus anthracis responsab maladi chabon ki li menm se yon zowonoz e ki mande nan ka enfestasyon pou yo izole twoupo ki sispèk yo epi antere bèt maladi a touye yo.


Kanta karans/ defisyans yo se konn:

- Karans vitamin e-selenium lakoz pwoblèm nan kè

- Karans manyezyòm sitou lakay bè ki fenk fè yo

- Karans kalsiyòm lakay bèt ki fenk fèt yo ak sa ki fenk manman yo

Nan ka sa yo vyann yo pa reprezante danje pou konsomatè.

 

E konsènan pwason ki echwe sou rivaj yo ?

Nan ka pwason yo konn jwenn ki mouri bò riv yo, se konn souvan akoz chanjman tanperati, diminisyon oksijèn ki nan dlo a, eleman toksik ki tonbe nan dlo a osinon lòt fenomèn natirèl tankou kouran maren, ogmantasyon tanperati oubyen katastwòf. Kòm li pran plis tan pou konnen sa yo, otorite konpetan yo souvan dekonseye moun manje yo avan vrè koz fenomèn sa yo devwale. Men sijè pi vas toujou, nap devlope li nan yon lòt atik.

 

 

 

 

 

 

Referans :

- - ISSN, 1989. Empoisonnement du bétail par les plantes. 20/05/2024 , 15h33. https://www.ontario.ca/fr/page/empoisonnement-du-betail-par-les-plantes

- Wikipédia. Pêche au poison. 20/05/2024,  13h52 https://fr.m.wikipedia.org/wiki/P%C3%AAche_au_poison

- Wanimo veto, 2019. Intoxication aux raticides et médicaments.  20/05/2024, 15h28 https://www.wanimo.com/veterinaire/questions-veterinaires/questions-veterinaires-intoxication-a-la-mort-aux-rats-et-medicaments.html

- François Schelcher et Paul Cabanié, 2002. Principales causes de la mort subite des bovins. Le point vétérinaire no 228. 21/05/2024, 6h14 https://www.lepointveterinaire.fr/publications/le-point-veterinaire/article/n-228/principales-causes-de-mort-subite-des-bovins.html#:~:text=Diverses%20causes%20%C3%A0%20l'origine,c%C3%A9r%C3%A9bral%2C%20maladie%20d'Aujeszky.

 

 

 

 

 



Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab

Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an. « Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk fina...