Foto 1 .- Barakouda. Sous : https://images.app.goo.gl/8XqJ8tSJPXKzsrpt8 Pwason se yonn nan pi bon aliman nou ta kapab manje. Li genyen asid gra omega3, pwoteyin, minewo ak vitamin A, D, E. Men pwason yo tou konn lakoz maladi ak entoksikasyon. Nan atik sila a, nap pale de yon ka entoksikasyon alimantè pwason lakoz, ki kouran nan Karayib la, ki rele Sigwatera (ciguatera). Kisa ki lakoz li ? Kòman pwason yo fè trape li ? Se yon eleman ki rele sigwatoksin (ciguatoxine) ki lakoz entoksikasyon an. Nan resif koralyen yo (koray), plant nou jwenn nan dlo a pwodui toksin sa yo menm menm. Lè ti pwason ki nan resif la al manje plant sa yo, yo trape li. Kounya suivan prensip chèn alimantè a, gwo pwason ki nan resif yo al manje ti pwason yo. Lè yo manje anpil ti pwason ki deja gen toksin lan, yo menm yo vin genyen l tou nan yon konsantrasyon ki ka afekte moun kap manje yo. Ki pwason ki plis trape li ? Pwason ki plis trape li se pwason ki viv nan koray. Lè nap konsid...