Nan tablo 1 an, pandan nou ekspoze kèk valè nitrisyonèl kèk vyann yo konsome an Ayiti, nou tou pwofite fè paralèl avèk bezwen moun (fanm ak gason)pou yon jou pou menmeleman nitritif sa yo. Men atansyon, valè nitrisyonèl vyann yo varye suivan moso vyannou konsidere a. Done nou bay la yo, se de done mwayen USDA (United State Departement of Agriculture) prezante pou chak vyann suivan ke li griye, bouyi, elatriye. Konsa tou, si nou mete 0 kòm kantite Vitamin C nou jwenn nan vyann, nan kèk patitankou aba yo, rezilta apwofondi ap montre prezans yon ti vitamin C kan menm. Sèlmankantite a ap minim epi jan nou di a, li depann de pati nan kò bèt la. Entansyon travay sa a se sevi kòm gid nitritif baze sou vyann yo pou ede konsomatè yo regle rejim alimantè yo. Yon rejim konplè ap mande pran an konsiderasyon lot mineral ak vitamin yo epi entegrelòt aliman tankou fui, legim yo.
Kisa “ maladi chabon ” an ye ? Chabon se yon maladi yon bakteri (nou pa kapab wè li sou je) kirele « Bacillus anthracis » lakoz, nou jwenn li nan tout peyi nan mond lan e sitou lakay mamifè yo (domestik, elvaj tankousovaj). Men bèt ki manje zèb yo pi fasil trape li (bèf, cheval, kabrit, mouton…). Zwazo yo ka trape maladi chabon tou, men li pa fasil. Youn nan gwo pwoblèm ki genyen ak Bacillus anthracisla, sèke li pa janm fin disparèt vre. Lè li pa jwenn bon kondisyonpou li devlope, bakteri a vin fòme yon koki. Li rete kache anndan koki sa jiskaske kondisyon yo vin pi bon. Koki sa kakache nan tè a, nan manje bè yo, nan dlo. Se sa ki fè, li konseyepou yo pa itilize keseswa pou fè jaden osinon pou gade bètteren/ espas kote bèt ki te gen maladi a te pase. Maladi chabon gen yon enterè pou sante tankou pou sekiriteakoz nan lane 2001, nan peyi Etazini, de moun voye nan lapòsde koli pyeje ak Bacillus anthracis sa ki te vin lakoz 22 moun te trape maladi a epi 5 te ...
Comments
Post a Comment