Skip to main content

Elvaj ak konsomasyon vyann, ant danje ak nesesite

 



Lè y ap konsidere defi ki genyen jounen jodiya nan zafè pwoteksyon anviwònman akoz polisyon ak chanjman klimatik, lè y ap konsidere preokipasyon ki genyen pou sante moun  akoz aparisyon ak devlopman yon pakèt maladi tankou dyabèt, obezite, maladi kè ak venn, san konte zowonoz yo, nan konsiderasyon pwa elvaj ak konsomasyon vyann bèt ak pwason genyen nan sosyete nou nan moman an, anpil pèsonalite, syantifik sitou, lonje dwèt sou elvaj ak konsomasyon vyann kòm youn nan eleman responsab pwoblèm sa yo. Nan travay tèks sa a, nou ap mete fas a fas agiman ki apiye ak sa ki voye jete elvaj ak konsomasyon bèt yon fason pou nou kapab balanse yo epi rive montre enpòtans ak limit aktivite sila a. 

 

Moun ki kont elvaj ak konsomasyon vyann bèt yo montre agiman yo sou divès plan.

-       -    Sou yon plan anviwònmantal, elvaj lakoz 14,5 % nan kantite total gaz ki chofe tè a. Sa soti sitou nan itilizasyon angrè (yo ilitize nan pwodui manje pou bèt) yo ak aktivite dijesyon riminan yo. E se pa sèlman atmosfè a elvaj la polye. Li polye tou tè yo avèk dlo yo avèk san, kaka bèt yo, aba yo ki kapab genyen tras maladi. Apresa, done yo fè konnen ke prèske 70% pousan tè ki kiltive se pou kapab bay bèt yo manje, sa ki lakoz yon gran mouvman deforestasyon. Si nou ta va di nap kwape elvaj, tè sa yo ta kapab itilize direkteman pou pwodui manje pou moun.

 

-        -  Analiz Oganizasyon Mondyal laSante te fè nan lane 2015 sou fason konsomasyon vyann (wouj) ede moun devlope maladi kansè, te mennen anpil diskisyon sou nesesite pwodui sila a. Yo ta pral di ke konsomasyon yon kantite egzajere vyann wouj ogmante chans pou konsomatè a devlope kansè nan entesten (trip). Yo fè konnen ke se pwosesis transfòmasyon vyann nan (sizonnen, kuit, elatriye) ki tanmen pèmèt devlopman kèk sibstans chimik ki yo menm favorize kansè. Yo di tou, konsomasyon vyann nan konplis nan ka kèk maladi tankou kansè kolon, dyabèt ak obezite (Eufic, 2022).

 

-      -   Sou yon plan ki plis lye ak etik epi moralite, nou jwenn mouvman « veganis » lan li menm kifè konprann ke lòm pa siperyè pa rapò ak bèt yo e ke nan ka sa a, li enpòtan pou nou pwoteje yo tankou se tèt nou.  Moun ki fè pati mouvman “veganis” lan, non sèlman yo pa manje vyann ak pwason, men tou, yo pa konsome / itilize anyen ki soti lakay bèt, ke li te lèt, ze, myel, kui. Anyen ditou.

 

Nan politik ralanti osinon elimine elvaj bèt pou bezwen limanite sa a, nou jwenn anpil altènativ. Genyen ki pwopoze plant yo pou moun manje pour rive konble defisi pwoteyin pwodui bèt yo te konn konble. Gen lòt ki pwopoze  « aliment de substitution  » yo, nap rele yo « manje derechanj ». Se yon seri de aliman ki pou pifò nan konpozan yo fabrike nan laboratwa. Se konsa nou jwenn de vyann ki totalman fabrike nan laboratwa ak de materyèl tankou kui kifèt ak baz fui epi plant. Sou yon plan nitrisyonèl, eleman nou jwenn nan vyann yo, nou kapab jwenn yo tou nan kèk lòt plant (sitou legiminez) depi nou byen doze kantite nap manje yo.  Pou vitamin yo, nou kapab jwenn yo nan fui yo.

 

Men, eske mezi sa yo dirab? Eske yo rantab epi eske yo fyab ?

 

Moun ki pou elvaj ak itilizasyon bèt yo pou satisfè bezwen moun yo avanse agiman pa yo.

-         - Pou zafè eksè itilizasyon resous pou elvaj la, se vre anpil resous itilize pou nouri bèt yo men nan fen chèn nan, yo jwenn ke se 23% nan tout pwodiksyon vyann nan ki pèdi swa nan konsomasyon, nan transfòmasyon oswa nan faz pwodiksyon an menm. Kidonk, si nou aji yon fason ki pi responsab epi mete plis mwayen pou favorize elvaj yo, nou kapab diminye pwodiksyon an, kidonk diminye resous ke nap itilize yo. Epitou, alèkile, anpil rechèh ap fèt sou fason yo kapab modifye elvaj yo pou yo diminye kantite gaz yap degaje (FAO, 2011).

 

-       -  Vyann se yon sous enpòtan pwoteyin, vitamin B ak mineral. Vyann wouj la li menm gen anpil fè, vitamin B12 ( ke se selman nan vyann ak pwodui bèt nou jwenn li) ak seleniyòm ke nou pa fasil jwenn nan plant yo. Konsomasyon vyann lan danje se lè li an eksè ak nan konbinezon ak lòt pwodui tankou alkòl, tabak. Kidonk se pa manje vyann nan yo konsidere ki pwoblèm nan men se pito eksè konsomasyon ak move preparasyon yo (Eufic, 2022). Pi bon kantite vyann pou moun ta va manje a se 240 gram pa semèn, sa reprezante apeprè yon kuis poul. Gen pwofesyonèl ki fè konnen ke nan menm pwoblèm kantite vyann nap konsome a, rasin nan se manje yap bay bèt yo manje yo. Nan yon lojik pou yo te pwodui anpil, antreprenè ak politisyen yo te vini ak politik bay bèt yo manje sereyal (mayi, soja) ki genyen anpil sik ak anpil angrè. Se sik sa menm ki nui sante konsomatè a. alòs olye yo te bay bèt yo manje fouraj, pou akselere kwasans yo, yo te ba yo manje sereyal. Se sa dayè ki pral vin fè yon diferans patikilye ant bèt ki leve nan elvaj ekstansif ak bèt ki leve nan elvaj entansif. Yo fè konnen ke, bèt ki elve nan elvaj ekstansif yo, ki nouri ak fouraj yo pa  konsome eksè sik ak pwodui chimik sa. Kidonk, lè y ap konsidere gaspiyaj vyann ki genyen nan sektè a, epi lè yo balance avantaj ak enkonvenyan bèt ki leve nan elvaj entansif yo, kanis yo di ke solisyon an se pa bani elvaj ak konsomasyon vyann men se pito tounen nan yon modèl elvaj ekstansif (modèl elvaj familyal) ki ap priyorize sante bèt yo ak konsomatè yo sou kantite pwodiksyon an (RTS, 2022). Epitou, aliman derechanj ki ap pale a, se de manje ki sibi anpil transfòmasyon,  ki koute chè anpil pou yo pwodui, ke laboratwa ki pwodui yo a degaje anpil gaz ki chofe tè a tou e pi sou yon long peryòd nou poko janm konnen konsekans manje sa yo ap genyen sou sante moun (Arte, 2022).

 

-      - Pou ide ki konsidere ke bèt yo egal ak lòm, ke lavi yo gen menm enpòtans, patizan elvaj ak konsomasyon vyann yo fè konnen ke si n ap di ke paske bèt yo se èt vivan sa fè n dwe respekte lavi yo, nou sipoze tou respekte lavi plant yo paske plant yo se èt vivan tou, yo respire, yo manje, yo repwodui e menm kan yo pa genyen ògàn vital, yo genyen yon fòm entelijans ki dikte konpòman yo (Hiernaux, 2020). Si nou rive nan yon pwen ke n paka manje ni bèt ni plant, gran kesyon an kounya se kisa nou pral manje ? Pou fini, kanis yo rejete ide pa konsome vyann bèt la ankò paske nan anviwònman menm nan mitan bèt yo, pi piti manje pi gwo.  

Konsekans elvaj nan jan lap fèt entansif la, se yon danje pou anviwònman, pa genyen dout sou sa. Men konsa tou, nou paka inyore ke nan yon peryòd kote grangou, malnitrisyon tap taye banda e ke reyalite sa toujou evidan nan kèk peyi a, elvaj la se yon solisyon. Li se yon mwayen rapid pou n jwenn pwoteyin pou konble bezwen moun yo. Avantaj nou genyen ankò se tout dispozitif ki deja egziste ke nou kapab mete anplas pou nou redui konsekans negatif elvaj ak konsomasyon vyann bèt : priyorize elvaj ekstansif, kenbe yon alimantasyon ekilibre epi diminye gaspiyaj resous yo.

 

 

Referans :

-          Arte, 2022. Pouvons nous vivre sans agriculture ? [En ligne] [Consultée le 19 mars 2024 à 5 :05 PM] Disponible sur internet : URL: https://youtu.be/ntG1B-QPJ54?si=RnD1wsyJd9p7GvEa

-          Conseil de l’Information sur l’Alimentation en Europe (Eufic), 2022. Dans quelle mesure la viande rouge est-elle mauvaise pour notre santé et l’environnement. [En ligne] [Consultée le 19 mars 2024 à 5 :05 PM] Disponible sur internet : URL: https://www.eufic.org/fr/une-vie-saine/article/dans-quelle-mesure-la-viande-rouge-est-elle-mauvaise-pour-notre-sante-et-lenvironnement

-          Food and Agriculture Organization (FAO), 2011. Pertes et gaspillages alimentaires dans le monde. Rome, Italie. 41 p.

-          Hiernaux Q., 2020. Du comportement végétal a l’intelligence des plantes. [En ligne] [Consultée le 22 mars 2024 à 2 :45 PM] Disponible sur internet : URL:   https://books.openedition.org/quae/40791>.IBSN:978-2-7592-3755-5

-          RTS, 2022. La viande cancérigène, vraiment ? [En ligne] [Consultée le 22 mars 2024 à 3 :30 PM] Disponible sur internet : URL: https://youtu.be/_LtXI8fQt-k?si=4IVTxPDqKbeKigDr

 

Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab

Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an. « Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk fina...

Anisakis, ti vè blan nan aransò yo

 Foto 1.- Anisakis spp nan yon arans ò.  F é lix Christ-Love, 2022 Dènye tan sa yo, anpil konsomatè remake lè yo achte aransò, pwason yo genyen de ti vè blan anndan yo. Vè sa yo se sa yo rele Anisakis . Kisa yo ye ? Ki kote yo sòti ? Ki danje ki gen ladan yo? Jodiya nap debat sijè sa a. Anisakis yo fè pati kategori vè won. Yo ka blanch oswa yon koulè wouj ki atire sou nwa epi yo parèt on jan tòde. Ou jwenn Anisakis pi souvan lakay bèt nan dlo sale. Yo pako jwenn vè sa lakay bèt dlo dous yo ak bèt ki soti nan elvaj. Men sa rive deja yo jwenn li lakay pwason ki fè migrasyon yo, sa vle di pwason ki konn fè aleretou nan dlo sale ak dlo dous. W plis jwenn Anisakis nan pati abdomèn pwason yo ak nan pati yo rele visè yo. Men sa konn rive tou vè an rive nan chè pwason an menm. Anisakis yo alèz pou yo rete lakay gwo pwason tankou dofen, reken yo. Men lè gwo pwason yo rejte yo, yo al kontamine “kristase” tankou chevrèt yo. Ti pwason tankou aran, jòfi ak « sefalopod » t...