Skip to main content

Posts

Gid nitrifif jounalye baze sou pratik manje vyann konsomatè

Tablo 1- Tablo konparezon ant bezwen nitrisyonèl moun ak valè nitrisyonèl kèk vyann yo konsome an Ayiti  Nan tablo 1 an, pandan nou ekspoze kèk valè nitrisyonèl kèk vyann yo konsome an Ayiti, nou tou pwofite fè paralèl avèk bezwen moun (fanm ak gason)pou yon jou pou menmeleman nitritif sa yo. Men atansyon, valè nitrisyonèl vyann yo varye suivan moso vyannou konsidere a. Done nou bay la yo, se de done mwayen USDA (United State Departement of Agriculture) prezante pou chak vyann suivan ke li griye, bouyi, elatriye. Konsa tou, si nou mete 0 kòm kantite Vitamin C nou jwenn nan vyann, nan kèk patitankou aba yo, rezilta apwofondi ap montre prezans yon ti vitamin C kan menm. Sèlmankantite a ap minim epi jan nou di a, li depann de pati nan kò bèt la. Entansyon travay sa a se sevi kòm gid nitritif baze sou vyann yo pou ede konsomatè yo regle rejim alimantè yo. Yon rejim konplè ap mande pran an konsiderasyon lot mineral ak vitamin yo epi entegrelòt aliman tankou fui, legim yo.

Elvaj ak konsomasyon vyann, ant danje ak nesesite

  Lè y ap konsidere defi ki genyen jounen jodiya nan zafè pwoteksyon anviwònman akoz polisyon ak chanjman klimatik, lè y ap konsidere preokipasyon ki genyen pou sante moun   akoz aparisyon ak devlopman yon pakèt maladi tankou dyabèt, obezite, maladi kè ak venn, san konte zowonoz yo, nan konsiderasyon pwa elvaj ak konsomasyon vyann bèt ak pwason genyen nan sosyete nou nan moman an, anpil pèsonalite, syantifik sitou, lonje dwèt sou elvaj ak konsomasyon vyann kòm youn nan eleman responsab pwoblèm sa yo. Nan travay tèks sa a, nou ap mete fas a fas agiman ki apiye ak sa ki voye jete elvaj ak konsomasyon bèt yon fason pou nou kapab balanse yo epi rive montre enpòtans ak limit aktivite sila a.     Moun ki kont elvaj ak konsomasyon vyann bèt yo montre agiman yo sou divès plan. -        -     Sou yon plan anviwònmantal, elvaj lakoz 14,5 % nan kantite total gaz ki chofe tè a. Sa soti sitou nan itilizasyon angrè (yo ilitize nan pwodui ...

Nominasyon mwen pou bousye nan Master en enseignement universitaire" (UEH - KAIROS)

Se yon plezi pou mwen pataje avèk nou nouvèl seleksyon mwen kom bousye nan nouvo pwogram "Master en enseignement universitaire", Inivèsite Leta Ayisyen an lanse nan kowoperasyon avèk KAIROS.

Dezyèm piblikasyon sou travay mwen nan jounal syantifik « RECHERCHE, ÉTUDES ET DÉVELOPPEMENT »

  Se yon plezi pou mwen pataje avèk nou dezyèm atik ki pibliye sou yon travay mwen kontribiye nan jounal syantifik « RECHERCHE, ÉTUDES ET DÉVELOPPEMENT ». Atik sa ki titre: "Découverte de 3 cas d'anisakidose larvaire chez des harengs (Clupa harengus) fumés et salés achetés à Aquin dans le département du Sud d'Haiti" genyen pou otè prensipal Doktè Jacques Blaise epi pou kowotè Félix Christ-Love. Nap jwenn atik sa soti paj 11 rive 12, nan volim 10, nimewo 1 jounal la, ki te parèt Jen 2023.

Premye piblikasyon sou travay mwen nan jounal syantifik « RECHERCHE, ÉTUDES ET DÉVELOPPEMENT »

Toujou nan lide pou rann lakonesans ak enfòmasyon disponib, map pataje ak nou yon rezime premye atik mwen ki pibliye nan jounal syantifik « RECHERCHE, ÉTUDES ET DÉVELOPPEMENT » sou tit : "Diagnose et prévalence des lésions parasitaires du foie et du poumon des petits ruminants (caprins et ovins) au poste d’abattage de la Croix-des-Missions (Haïti) et intérêt zoonotique". Nap jwenn atik sa soti paj 23 rive 27, nan volim 10, nimewo 1 jounal la, ki te parèt Jen 2023

Expérimentation sur la conservation de mangues

Haïti est parmi les dix producteurs mondiaux de mangues. Si une partie de ses mangues est exportée ou consommée localement, tout le reste se perd à cause de la détérioration (pourriture) dans les champs, le stockage ou au cours du transport. Les conditions du milieu rural haïtien qui fournit plus de 80 % de la production de mangues sont difficiles : il y a très peu d’infrastructures de transformation de fruits donc quasiment pas d’usines, pas d’électricité, les routes sont souventes fois inaccessibles en raison d’intempéries ou d’insécurité. La perspective la plus évidente pour augmenter la rentabilité du secteur mangue est donc la conservation. D’autre part le processus de préparation relativement court permet une mise en disponibilité rapide du produit et une conservation sur une longue durée. En mai 2023, consciente des intérêts en jeux par rapport à la fermeture de nombre d’usines de conditionnement et d’exportation de mangues, j’ai lancé l’expérience sur la conservation des fruits...

Sètifikasyon HACCP ak Food Safety

Sa nou manje anplis de sa yo pote pou ede kò nou grandi epi bannou enèji pou nou viv, kapab genyen gwo konsekans sou sante nou. Yon parazit oswa yon bakteri, yon polyan chimik tankou pestisid, eksè angrè, yon eleman fizik tankou yon limay paydefè kapab lakoz gwo dega sou sante nou. Imajine ki konsekans sa ta genyen si ou ta rive manje yon bout zong oswa yon moso paydefè ki pa pral degrade nan òganis ou. Imajine sitiyasyon yon astwonòt ki nan lespas a de milyon de kilomèt de latè epi ki ap soufri ak yon vant pase akoz yon move manje. Eben se apre refleksyon sa yo, nan fen deseni 1960 lan, NASA (National Aeronautics and Space Administration) ta prale mete ansanm ak Pillsburg Company pou te analiz danje (kontaminan) ki kapab genyen nan manje astwonot yo ap manje epi detèmine limit pou pèmèt yo kontwole danje sa yo. Angwo se ta prale fondasyon HACCP (Hazard Analysis and Critical Control Point). Travay sou kontwòl kalite sa nap manje epi sitou sa ki ap pwodui (nan restoran, endistri agwo a...