Toujou nan lide pou rann lakonesans ak enfòmasyon disponib, map pataje ak nou yon rezime premye atik mwen ki pibliye nan jounal syantifik « RECHERCHE, ÉTUDES ET DÉVELOPPEMENT » sou tit : "Diagnose et prévalence des lésions parasitaires du foie et du poumon des petits ruminants (caprins et ovins) au poste d’abattage de la Croix-des-Missions (Haïti) et intérêt zoonotique". Nap jwenn atik sa soti paj 23 rive 27, nan volim 10, nimewo 1 jounal la, ki te parèt Jen 2023
Kisa “ maladi chabon ” an ye ? Chabon se yon maladi yon bakteri (nou pa kapab wè li sou je) kirele « Bacillus anthracis » lakoz, nou jwenn li nan tout peyi nan mond lan e sitou lakay mamifè yo (domestik, elvaj tankousovaj). Men bèt ki manje zèb yo pi fasil trape li (bèf, cheval, kabrit, mouton…). Zwazo yo ka trape maladi chabon tou, men li pa fasil. Youn nan gwo pwoblèm ki genyen ak Bacillus anthracisla, sèke li pa janm fin disparèt vre. Lè li pa jwenn bon kondisyonpou li devlope, bakteri a vin fòme yon koki. Li rete kache anndan koki sa jiskaske kondisyon yo vin pi bon. Koki sa kakache nan tè a, nan manje bè yo, nan dlo. Se sa ki fè, li konseyepou yo pa itilize keseswa pou fè jaden osinon pou gade bètteren/ espas kote bèt ki te gen maladi a te pase. Maladi chabon gen yon enterè pou sante tankou pou sekiriteakoz nan lane 2001, nan peyi Etazini, de moun voye nan lapòsde koli pyeje ak Bacillus anthracis sa ki te vin lakoz 22 moun te trape maladi a epi 5 te ...
Comments
Post a Comment