Skip to main content

Sètifikasyon HACCP ak Food Safety


Sa nou manje anplis de sa yo pote pou ede kò nou grandi epi bannou enèji pou nou viv, kapab genyen gwo konsekans sou sante nou. Yon parazit oswa yon bakteri, yon polyan chimik tankou pestisid, eksè angrè, yon eleman fizik tankou yon limay paydefè kapab lakoz gwo dega sou sante nou. Imajine ki konsekans sa ta genyen si ou ta rive manje yon bout zong oswa yon moso paydefè ki pa pral degrade nan òganis ou. Imajine sitiyasyon yon astwonòt ki nan lespas a de milyon de kilomèt de latè epi ki ap soufri ak yon vant pase akoz yon move manje.


Eben se apre refleksyon sa yo, nan fen deseni 1960 lan, NASA (National Aeronautics and Space Administration) ta prale mete ansanm ak Pillsburg Company pou te analiz danje (kontaminan) ki kapab genyen nan manje astwonot yo ap manje epi detèmine limit pou pèmèt yo kontwole danje sa yo. Angwo se ta prale fondasyon HACCP (Hazard Analysis and Critical Control Point). Travay sou kontwòl kalite sa nap manje epi sitou sa ki ap pwodui (nan restoran, endistri agwo alimantè …) se tout yon pwosesis ki soti depi nan pwodiksyon latè oswa bè pase nan transfòmasyon pou rive jwenn konsomatè final la. E avèk mondyalizasyon, echanj enpòtasyon/ekspòtasyon ant peyi yo, chans pou maladi ak kontaminan simaye yo pa sispann ogmante. Kidonk enpòtans konesans ak aplikasyon prensip HACCP ak Food Safety ap parèt pi enpòtan chak jou. Se nan sans sa a, sou menm liy travay mwen nan kontwòl kalite aliman ak parazitoloji, mwen ranfòse spesyalizasyon sa a nan karyè mwen.











Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Pouki rezon fanm ansent dwe rete kanpe lwen chat ?

Nan rale mennen vini nou te fè sou parazit lakay zannimo domestik ki kapab lakoz zowonoz, nou te pale de chen ak sestodoz yo ! Men, sou menm sijè sa a, nou pa kapab neglije pale de chat ak toksoplasmoz. Kisa ki toksoplasmoz la ? Toksoplasmoz la se yon maladi parazit Toksoplasma gondii lakoz. Parazit sa tèlman piti ke nou pa kapab wè li ak je nou senpman. Ki bèt ki ka trape li ? Toxoplasma gondii a se lakay chat la menm li alèz. Nan poupou osinon nan fwotman, parazit la al enstale li lakay moun, bèt ak nan manje. Nap konprann tou ke nan kondisyon sa yo, moun kapab trape maladi a pa sèlman nan kontak avèk chat men tou nan manje vyann bèt osinon plant/ fui ki kontamine, Lè parazit la lakay bèt la, li vin fòme de kis, Lè vyann yo mal kuit, parazit la nan kis sa yo pa mouri e se nan manje yo kontaminasyon an pral kontinye. Konsa tou, nou kapab kontamine menm nan pousyè ki genyen parazit la. Sèl mwayen kontaminasyon moun ak moun yo jwenn nan ka maladi toksoplasmoz la se soti nan manman ale ...

Sou lanbi, palaso, chatwouj ak lòt ankò

Foto 1: Specimèn kou malakoloji - Laboratwa Zowoloji. Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè. Félix Christ-Love (2023) Pami bèt nou plis abitye ak yo an Ayiti, nan komès, kuizin oswa nan anviwònman nou, genyen gwoup yo rele « bèt a kò mou san eskèlèt» yo. Nan gwoup sa a, yo rekonèt genyen 85 000 espès anviwon. Nou jwenn bèt sa yo nan lanmè tankou sou latè. Kèk ladan yo nou plis konnen an Ayiti se kalmanson, chatwouj, lanbi, palaso. Nou manje yo, epi nou itilize kokiyaj yo pou dekorasyon. Se toujou yon lakontantman pou nou mete zorèy nou nan kèk kokiyaj pou nou tande « bri vag lanmè » a. Men kokiyaj yo gen plis itilite ak istwa ke sa nou konnen bò lakay nou yo. Nan tèks sa a, nap jwenn yon devlopman sou itilite “bèt a kò mou san eskèlèt” yo, plas yo nan alimantasyon nou, nan anviwònman nou ak danje yo kapab reprezante. Nap jwenn tou kèk referans imaj kap ede nou idantifye kèk ladan yo. Nou kapab kenbe 5 gran itilite lakay yo : 1) Yo ede nan siveye evolisyon (kalite) anviwonman an. Journal ...