Foto 1.- Pla ensèk. Sous : hps-pigging. c om Entwodiksyon An Ayiti, nou pa gen pratik manje ensèk, sèl fwa nou manje yo se pa aksidan lè yo antre nan lòt aliman nou. Epoutan, anpil kote nan mond lan, moun yo manje ensèk tankou yo manje nenpòt lòt manje. Pa rapò ak tout defi chanjman klimatik, ogmantasyon popilasyon mondyal, presyon agrikilti sou itilizasyon resous, lavi chè elatriye, gwo otorite nan zafè alimantasyon tout kote nan mond la, disikite posibilite pou ankouraje plis moun konsome ensèk yon fason pou kouvri bezwen nitritif kò yo. Nan atik sa a, nou pral pale de valè nitrisyonèl ensèk yo, danje ki genyen nan konsomasyon yo epi nap gade tou kèk ensèk moun manje atravè mond lan. Kisa yon ensèk ye ? Pou nou bay yon definisyon jeneral, ensèk yo se bèt ki pa gen eskelèt, ki genyen kò yo divize an twa pati (tèt, toraks ak abdomèn) epi ki genyen antèn ak/ou zèl. Dapre definisyon sa a, nap konprann ke non, yon zarenyen pa yon ensèk. Men an menm tan, yon cheni se yon ensèk pas...