Skip to main content

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab



Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an.


« Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk finalite itilizasyon dlo a. 


Emmanuel E. nan etid li te fè nan lane 2002 an Ayiti, te fèkonnen sèl mwayen chimik ki itilize pou trete dlo kri sitou nan milye riral yo se klò. Men klò a pa pi bon tretman akoz lè moun respire li li kapab ba yo pwoblèm nan poumon epi lè li melanje ak kèk matyè òganik ki konn nan dlo, li kapab lakoz maladi kansè.


Jasen J. B. nan lane 2023 nan zòn Laplèn, pi presizeman Kwadèmisyon ak Damyen, te etidye kèk posibilite tretman dlo ak mwayen ki disponib nan anviwònman moun yo ap viv la.Youn nan posibilite ki egziste pou trete dlo yon fason ki natirèl san nesesite pil resous ak lajan, se nan yon bò plant yo (a kondisyon plant sa yo pa toksik) epi nan yon lòt bò sab ak gravye (nan konpozisyon yon filtè). Travay Jasen J. B. a se yon konbinezon metòd fizikochimik (avèk plant Moringa oleifera) ak fizik (avèk filtè) ke yo abitye itilize nan pwosesis tretman dlo. Travay se te fè nan objektif pou l te pwopoze yon sistèm tretman dlo aksesib epi a ba pri.


Nou jwenn Moringa oleifera anpil kote an Ayiti, yo abitye releli Doliv osinon Gabriyèl. Yo itilize fèy la ak rasin lan nan manje, yo itilize grenn nan pou fè luil. Mutheeswaan S. (2011) di nou akoz potansyalite Moringa oleifera a yo itilize li nan pwogram pou konbat malnitrisyon nan peyi Senegal, End, Benen ak Zimbabwe. Malgre tout itilite sa yo, pi gwo kalite plant sa retenan fason li trete dlo.



Foto 1.- Grenn Moringa oleifera. Sous : bol.com


Pwosede yo itilize Moringa oleifera ladan li pou trete dlo a rele kowagilasyon-flokilasyon. Lè nou kite yon dlo sal poze nan yon bokal, nou remake apre yon ti tan tout salte yo al chita nan fon bokal la. Nan tretman gwo kantite dlo, salte yo ka pran plizyè jou avan yo poze kidonk avan dlo a klè. Enben pwosesis kowagilasyon - flokilasyon an fè travay transfòmasyon dlo twoub pou vin tounen dlo klè a pi rapid. Nan yon konsiderasyon nan domèn chimi, salte sa yo ki nan dlo a genyen yon chaj negativ. Ebyen lè yo mete kowagilan ki gen yon chaj pozitif nan dlo sal la, vin genyen yon ekilib ant chaj pozitif yo ak chaj negatif yo, se pou sa yo pale de kowagilasyon. Epi menm jan de moso leman ki genyen yon chaj diferan atire youn lot, eleman negatif ki nan salte yo al kole ak eleman pozitif ki nan kowagilan. Lè yo kole konsa, yo vin fè de boul yo rele flokon e se poutèt sa yo rele fenomèn sa flokilasyon. Lè pwosesis kowagilasyon - flokilasyon an fini, li vin pi fasil pou filtre dlo a.

Foto 2.- Kowagilan. Laboratwa Syans ak Teknoloji Alimantè. Jean Baptiste Jasen - 2023


Foto 3.- Dlo apre tretman ak Moringa oleifera (agoch)
fas a dlo kri (adwat). Laboratwa Syans ak Teknoloji Alimantè. Jean Baptiste Jasen - 2023

Nan pwosesis tretman dlo a, anplis Moringa oleifera Enjenyè Agwonòm Jasen te itilize yon filtè. Pou li te fè filtè sa, li te itilize yon galon plastik ble, 18.9 lit. Li te pèse plizyè ti tou (chak tou te gen yon dyamèt 2 milimèt konsa) nan bouchon galon an epi li te koupe bouda a. Li te mete galon an tèt anba sou yon trepye epi li te mete ladan li 5 santimèt gravye, 5 santimèt gwo sab, 20 santimèt sab fen, 5 santimèt chabon epi 5 santimèt gwo sab. Li te rele yon espas 10 santimèt vid anlè melanj lan. Se nan espas sa a dlo pou filtre a ap chita. 

Foto 4.- Filtè. Laboratwa Syans ak Teknoloji Alimantè. Jean Baptiste Jasen - 2023


Pou evalye kalite itilizasyon Moringa oleifera ak filtè nan tretman dlo a, de faktè te konsidere : kalite fizik/chimik dlo a epi kondisyon mikwobiyolojik li. Nan kad travay sa a, nou ap sèlman detaye rapò sou rezilta kondisyon mikwobiyolojik yo.

Foto 5.- Dlo apre tretman ak Moringa oleifera (agoch)
fas a dlo apre filtraj (adwat). Laboratwa Syans ak Teknoloji Alimantè. Jean Baptiste Jasen - 2023

Pou kondisyon mikwobiyolojik la, twa kategori mikwo-òganis te konsidere : kolifòm fekal, kolifòm total ak Escherichia coli

- Prezans E. coli nan dlo endike yon kontaminasyon dlo a ak poupou. E. coli nan kèk ka ka lakoz dyare, vant fè mal, pwoblèm respiratwa. 

- Kolifòm fekal yo se mikwo-òganis ki soti nan matyè fekal moun oswa bèt. E. coli se yon kolifòm fekal. 

- Kolifòm total yo se mikwo-òganis yo jwenn tout kote nan anviwònman an, sa vle di nan tè, nan dlo, sou plant, nan kò bèt elatriye.


Rezilta : 

- Nan ka dlo ki soti nan foraj la, kowagilan ak Moringa oleifera te pèmèt elimine 95% kolifòm fekal yo. Tretman total la te pèmèt yon eliminasyon 99.7%. Nan ka Escherichia coli a, chif sa yo te varye ant 68.4 % rive 94.7 %. Alòke pou kolifòm total yo, to a nan yon nivo ba anpil : 4 pou rive 5.8%.

- Nan ka dlo rivyè a, pou kolifòm fekal yo rezilta yo se 85.88 % ak 88.8%. Rezilta Escherichia coli yo pi etonan toujou. Itilizasyon Moringa oleifera te pèmèt sèlman yon eliminasyon 0.5%, men filtè a ta pral elimine tout mikwo-òganis yo nèt. Pou kolifòm total yo, rezilta yo pi favorab pase nan ka dlo foraj la, yo se 13.54% ak 18.75%.

- Pou dlo pi a, ak de faz tretman yo, 20 pou rive 48 % kolifòm fekal te elimine, epi 72.75 pou rive 78.75 % Escherichia coli. Tretman ak Moringa oleifera pa t pèmèt elimine okenn kolifòm total, men filtè a te pèmèt elimine 28.75% nan yo.
 

Rezilta yo yon fason jeneral montre yon bon randman nan eliminasyon Escherichia coli ak kolifòm fekal yo. Akoz kolifòm total yo varye anpil, kidonk divès orijin, divès fòm ak konpozan, nou ka konprann fèb to eliminasyon yo. Nan rezilta total sa a, efikasite Moringa oleifera pou kolifòm fekal yo ak Escherichia coli te rive atenn an mwayèn 46% kote to pa filtè a te sèlman 12.24%.


Pou faktè fiziko-chimik, analiz yo montre ke yon fason jeneral, tretman ak Moringa oleifera a pèmèt faktè sa yo rete nan limit Oganizasyon Mondyal Lasante etabli. 


An rezime, otè a di nou ke itilizasyon Moringa oleifera ak filtè a poukont yo pa rann dlo a potab. Men, malgre tou, yo elimine matyè òganik ak bakteri dlo a, yon fason pou lè dlo sa a dezenfekte ak klò, li pa reprezante yon danje. Travay sa a kontinye louvri chemen sou posibilite pou tretman dlo an Ayiti sitou nan zòn rekile yo, ki gen anpil bezwen, ki toujou vilnerab fas a kèk maladi tankou kolera men ki pa gen gwo aksè ak enèji ni lopital. Pou plis detay sou travay sila a, nou kapab refere nou a dokiman rechèch Jasen J. B. la ki titre « Etude de l’efficacité des tourteaux de Moringa oleifera suivis d’une filtration sur sable dans le traitement des eaux brutes ».

 


Referans : 

- Centre d’Information sur l’Eau (CIEAU). Quels traitements sophistiqués pour rendre l’eau potable. [En ligne] [Consultée le ​3 octobre 2023 ​à ​11 : 42​AM]. ​Disponible ​sur ​internet : ​URL:https://www.cieau.com/le-metier-de-leau/ressource-en-eau-eau-potable-eaux-usees/quels-traitements-sophistiques-pour-rendre-leau-potable/

- Emmanuel E. et Lindskog P., 2002. Regards sur la situation des ressources en eau de la République d’Haïti. Actes du Colloque International réalisé à Port-au-Prince les 26, 27, 28 juin. Haïti. P 32-34

- Jasen Jean Baptiste, 2023. Etude de l’efficacité des tourteaux de Moringa oleifera suivis d’une filtration sur sable dans le traitement des eaux brutes. Mémoire de fin d’études, agronomie. Université d’Etat d’Haïti. Faculté d’Agronomie et de Médecine Vétérinaire (FAMV), Damien, Haiti, 96 p

- Mutheeswaan S., Pandikumar P., Chellappandian M., Ignacimuth S., 2011. Documentation and quantitative analysis of the local knowledge on medicinal plants among traditional siddha healers in Virudhunagar district of Tamil Nadu, India. Journal of Ethnopharmacology. 137 (1), 523-533

Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Pouki rezon fanm ansent dwe rete kanpe lwen chat ?

Nan rale mennen vini nou te fè sou parazit lakay zannimo domestik ki kapab lakoz zowonoz, nou te pale de chen ak sestodoz yo ! Men, sou menm sijè sa a, nou pa kapab neglije pale de chat ak toksoplasmoz. Kisa ki toksoplasmoz la ? Toksoplasmoz la se yon maladi parazit Toksoplasma gondii lakoz. Parazit sa tèlman piti ke nou pa kapab wè li ak je nou senpman. Ki bèt ki ka trape li ? Toxoplasma gondii a se lakay chat la menm li alèz. Nan poupou osinon nan fwotman, parazit la al enstale li lakay moun, bèt ak nan manje. Nap konprann tou ke nan kondisyon sa yo, moun kapab trape maladi a pa sèlman nan kontak avèk chat men tou nan manje vyann bèt osinon plant/ fui ki kontamine, Lè parazit la lakay bèt la, li vin fòme de kis, Lè vyann yo mal kuit, parazit la nan kis sa yo pa mouri e se nan manje yo kontaminasyon an pral kontinye. Konsa tou, nou kapab kontamine menm nan pousyè ki genyen parazit la. Sèl mwayen kontaminasyon moun ak moun yo jwenn nan ka maladi toksoplasmoz la se soti nan manman ale ...

Sou lanbi, palaso, chatwouj ak lòt ankò

Foto 1: Specimèn kou malakoloji - Laboratwa Zowoloji. Fakilte Agwonomi ak Medsin Veterinè. Félix Christ-Love (2023) Pami bèt nou plis abitye ak yo an Ayiti, nan komès, kuizin oswa nan anviwònman nou, genyen gwoup yo rele « bèt a kò mou san eskèlèt» yo. Nan gwoup sa a, yo rekonèt genyen 85 000 espès anviwon. Nou jwenn bèt sa yo nan lanmè tankou sou latè. Kèk ladan yo nou plis konnen an Ayiti se kalmanson, chatwouj, lanbi, palaso. Nou manje yo, epi nou itilize kokiyaj yo pou dekorasyon. Se toujou yon lakontantman pou nou mete zorèy nou nan kèk kokiyaj pou nou tande « bri vag lanmè » a. Men kokiyaj yo gen plis itilite ak istwa ke sa nou konnen bò lakay nou yo. Nan tèks sa a, nap jwenn yon devlopman sou itilite “bèt a kò mou san eskèlèt” yo, plas yo nan alimantasyon nou, nan anviwònman nou ak danje yo kapab reprezante. Nap jwenn tou kèk referans imaj kap ede nou idantifye kèk ladan yo. Nou kapab kenbe 5 gran itilite lakay yo : 1) Yo ede nan siveye evolisyon (kalite) anviwonman an. Journal ...