Skip to main content

Yon pla ensèk ak salad ou ak diri ?


Foto 1.- Pla ensèk. Sous : hps-pigging.
com
Entwodiksyon
An Ayiti, nou pa gen pratik manje ensèk, sèl fwa nou manje yo se pa aksidan lè yo antre nan lòt aliman nou. Epoutan, anpil kote nan mond lan, moun yo manje ensèk tankou yo manje nenpòt lòt manje. Pa rapò ak tout defi chanjman klimatik, ogmantasyon popilasyon mondyal, presyon agrikilti sou itilizasyon resous, lavi chè elatriye, gwo otorite nan zafè alimantasyon tout kote nan mond la, disikite posibilite pou ankouraje plis moun konsome ensèk yon fason pou kouvri bezwen nitritif kò yo. Nan atik sa a, nou pral pale de valè nitrisyonèl ensèk yo, danje ki genyen nan konsomasyon yo epi nap gade tou kèk ensèk moun manje atravè mond lan.

Kisa yon ensèk ye ?
Pou nou bay yon definisyon jeneral, ensèk yo se bèt ki pa gen eskelèt, ki genyen kò yo divize an twa pati (tèt, toraks ak abdomèn) epi ki genyen antèn ak/ou zèl. Dapre definisyon sa a, nap konprann ke non, yon zarenyen pa yon ensèk. Men an menm tan, yon cheni se yon ensèk paske cheni an se yon faz nan devlopman kèk kategori ensèk tankou papiyon.

Avantaj elvaj ensèk kòm manje moun pou agrikilti
Premyeman yo pa egzije gwo espas pou elve yo, yo pa pran anpil tan pou yo rive nan stad matirite, yo pa nesesite twòp dlo ni gwo teren ak enfrastrikti pou pwodui manje pou yo. Dokiman Elevage et sous alimentation FAO ki te soti nan lane 2006, fè nou konnen ke sou tout latè, 33% nan tè ki kapab fè manje yo itilize pou pwodui manje pou bèt e 66% ilize antou pou pwodui ak pou abrite bèt yo. Chif sa yo lakoz anpil dezakò nan diskisyon spesyalis ak ekonomis nan agrikilti yo. Anpil nan moun sa yo di ke si yap konsidere gaspiyaj vyann ki ap fèt sitou nan peyi devlope yo, kontribisyon elvaj nan ogmantasyon gaz kap rechofe planèt la ak altènativ ki genyen ak pwoteyin vyann ka pote bannou, elvaj nan fason lap fèt yo se yon gaspiyaj resous. Elvaj ensèk yo nan pratik la pwodui mwens gaz ki danjre pou planèt la ke lòt betay yo.

Yon lòt avantaj ensèk yo se nan kapasite yo pou yo konvèti aliman. Les insectes comestibles et l’environnement (2014) di nou ke pou yo bay yon menm kantite pwoteyin, ensèk yo manje 6 fwa mwens ke bèf yo, 4 fwa mwens ke mouton yo epi 2 fwa mwens ke kochon yo ak volay yo.

Posibilite pou trape maladi nan manje ensèk
Nou konnen enplikasyon kèk ensèk nan simaye maladi lakay moun. Men fòk nou raple se lè yo ale nan poupou, manje kontamine oswa lè yo nan fwotman ak bèt ki kontamine yo pran jèm maladi yo. Kidonk, posibilite kontaminsayon sa yo kapab kontwole lè nou veye sou kalite sa ensèk yo ap manje, sa y ap fwote ak yo epi lè nap byen jere fatra ak dechè òganik nou. Fason nap prepare yo (fason nap kuit yo) tou se youn nan metòd enpòtan pou nou elimine tout risk maladi yo ka pote. Men, nan yon konsiderasyon ki pi syantifik, akoz separasyon taksnomik ensèk yo ak moun, yo konsidere posibilite pou yon ensèk bay yon moun yon maladi pi ba pase posibilite nan ka pa betay yo.

Konsomasyon ensèk nan lemond
Sit next-food.net bay 7 tip ensèk moun kapab manje. Yo site:

- Cheni yo

- Myèl, gèp, foumi

- Krikèt, griyon

- Sigal, kèk kategori pinèz

- Skòpyon ak kèk kategori zareyen

- Tèmit

- Kèk kategori charanson

Genyen anpil atik ki disponib sou entènèt la ki detaye enpòtans ensèk yo, avantaj, enkonvenyan ak posibilite pou rantre yo nan alimantasyon moun. Genyen etid ki fè Ayiti sou posibilite pou rantre ensèk nan manje bèt men nou pa genyen enfòmasyon sou si genyen esè ki fèt deja pou rantre yo nan manje moun. Men, nan tout ka yo, nan fason mond lan ap devlope epi ak tout defi ki genyen chak jou, chak jou pi plis, pòsyon ensèk yo ap grandi nan asyèt lezòm.


Referans : 

Next Food. 7 types d’insectes comestibles : ls différentes betioles a croquer. [En ligne] [Consultée le 15 octobre 2023 à 10 :56 PM]. Disponible sur internet : URL : https://www.next-food.net/fr/insectes-comestibles/les-types-d-insectes-comestibles/

Food and Agriculture Organization, 2006. Elevage et sous-alimentation. [En ligne] [Consultée le 10 octobre 2023 à 6 : 36 AM]. Disponible sur internet : URL : https://www.viande.info/elevage-viande-sous-alimentation

Food and Agriculture Organization, 2014. Les insectes pour l’alimentation humaines et animale. Les insectes comestibles et l’environnement. [En ligne] [Consultée le 10 octobre 2023 à 7: 44 AM]. Disponible sur internet : URL : 

Comments

Popular posts from this blog

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab

Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an. « Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk fina...