Skip to main content

Posts

Showing posts from October, 2023

Expérimentation sur la conservation de mangues

Haïti est parmi les dix producteurs mondiaux de mangues. Si une partie de ses mangues est exportée ou consommée localement, tout le reste se perd à cause de la détérioration (pourriture) dans les champs, le stockage ou au cours du transport. Les conditions du milieu rural haïtien qui fournit plus de 80 % de la production de mangues sont difficiles : il y a très peu d’infrastructures de transformation de fruits donc quasiment pas d’usines, pas d’électricité, les routes sont souventes fois inaccessibles en raison d’intempéries ou d’insécurité. La perspective la plus évidente pour augmenter la rentabilité du secteur mangue est donc la conservation. D’autre part le processus de préparation relativement court permet une mise en disponibilité rapide du produit et une conservation sur une longue durée. En mai 2023, consciente des intérêts en jeux par rapport à la fermeture de nombre d’usines de conditionnement et d’exportation de mangues, j’ai lancé l’expérience sur la conservation des fruits...

Sètifikasyon HACCP ak Food Safety

Sa nou manje anplis de sa yo pote pou ede kò nou grandi epi bannou enèji pou nou viv, kapab genyen gwo konsekans sou sante nou. Yon parazit oswa yon bakteri, yon polyan chimik tankou pestisid, eksè angrè, yon eleman fizik tankou yon limay paydefè kapab lakoz gwo dega sou sante nou. Imajine ki konsekans sa ta genyen si ou ta rive manje yon bout zong oswa yon moso paydefè ki pa pral degrade nan òganis ou. Imajine sitiyasyon yon astwonòt ki nan lespas a de milyon de kilomèt de latè epi ki ap soufri ak yon vant pase akoz yon move manje. Eben se apre refleksyon sa yo, nan fen deseni 1960 lan, NASA (National Aeronautics and Space Administration) ta prale mete ansanm ak Pillsburg Company pou te analiz danje (kontaminan) ki kapab genyen nan manje astwonot yo ap manje epi detèmine limit pou pèmèt yo kontwole danje sa yo. Angwo se ta prale fondasyon HACCP (Hazard Analysis and Critical Control Point). Travay sou kontwòl kalite sa nap manje epi sitou sa ki ap pwodui (nan restoran, endistri agwo a...

Yon pla ensèk ak salad ou ak diri ?

Foto 1.- Pla ensèk. Sous : hps-pigging. c om Entwodiksyon An Ayiti, nou pa gen pratik manje ensèk, sèl fwa nou manje yo se pa aksidan lè yo antre nan lòt aliman nou. Epoutan, anpil kote nan mond lan, moun yo manje ensèk tankou yo manje nenpòt lòt manje. Pa rapò ak tout defi chanjman klimatik, ogmantasyon popilasyon mondyal, presyon agrikilti sou itilizasyon resous, lavi chè elatriye, gwo otorite nan zafè alimantasyon tout kote nan mond la, disikite posibilite pou ankouraje plis moun konsome ensèk yon fason pou kouvri bezwen nitritif kò yo. Nan atik sa a, nou pral pale de valè nitrisyonèl ensèk yo, danje ki genyen nan konsomasyon yo epi nap gade tou kèk ensèk moun manje atravè mond lan. Kisa yon ensèk ye ? Pou nou bay yon definisyon jeneral, ensèk yo se bèt ki pa gen eskelèt, ki genyen kò yo divize an twa pati (tèt, toraks ak abdomèn) epi ki genyen antèn ak/ou zèl. Dapre definisyon sa a, nap konprann ke non, yon zarenyen pa yon ensèk. Men an menm tan, yon cheni se yon ensèk pas...

Etid sou posibilite tretman dlo ak yon konbinezon Moringa Oleifera ak filtè sab

Nou konnen enpòtans dlo genyen nan lavi nou chak jou. Kit se pou nou bwè oswa pou nou itilize, jwenn dlo a deja se yon gwo bagay. Rapò Oganizasyon Mondyal Lasante nan lane 2017, te fèkonnen gen 2.1 milya moun sou latè ki pa kapab jwenn sèvis dlopotab epi gen 159 milyon ki oblije itilize dlo lanmè, dlo lapli, elatriye. An Ayiti, nan zòn pwovens yo moun yo sitou itilize dlosous, dlo rivyè, dlo lapli ak dlo pi. Men akoz move kondisyon lijyèn ki genyen yon fason jeneral nan tout peyi a, epi divès maladi ki gen rapò ak move dlo tankou kolera, dlo sa yo vin pa san danje vre pou popilasyon an. « Centre de l’information sur l’eau » di nou gen plizyè mwayen pou trete dlo. Genyen tretman fizik (tankou itilizasyon filtè, paswa, osmoz envès…), fiziko-chimik (tankou metòd kowagilasyon-flokilasyon…), chimik (avèk itilizasyon klò), biyolojik (avèkitilizasyon kèk bakteri). Itilizasyon youn oswa lòt metòd yo depann pa egzanp de mwayen ki disponib yo (materyèl, lajan…), kantite dlo pou trete a avèk fina...

9 Posibilite envestisman nan domèn pwodiksyon bèt

Pafwa lè y ap pale de pwodikasyon bèt, anpil moun jis wè l nan nivo « gade bèt », yo souvan pran li tankou yon domèn banal, sal, nou te kapab menm di yon « metye moun sòt ». Ayiti se yon peyi kote pwodiksyon bèt pa devlope menm e trè limite. Yon premye kote pwodiksyon an fèt an degout ; yon lòt kote, pa gen anpil konpayi ki envesti nan transfòmasyon pwodui bèt. Suivan yon rapò Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral te sòti sou sit li  « Situation de secteur elevage et santé animale » pou yon milyon eksplwatasyon agrikòl ki genyen an Ayiti, peyi a genyen anviwon 4 milyon volay, 2.5 milyon kabrit, 1.5 miyon bèf, 1 milyon kabrit ak 300 000 mouton. Done sa yo fè nou konprann toujou pwodiksyon vyann bèf, vyann kabrit ak vyann poul lokal yo kont pou sa kliyan yo mande achte sou teritwa nasyonal la. Nou menm voye vann Repiblik Dominikèn anviwon 50 000 kabrit chak ane pou yon montan prèske 2 milyon dola US. Men kanta pou ze, lèt, vyann trans fòme se pa milyon nap achte sa yo ...