Skip to main content

9 Posibilite envestisman nan domèn pwodiksyon bèt



Pafwa lè y ap pale de pwodikasyon bèt, anpil moun jis wè l nan nivo « gade bèt », yo souvan pran li tankou yon domèn banal, sal, nou te kapab menm di yon « metye moun sòt ». Ayiti se yon peyi kote pwodiksyon bèt pa devlope menm e trè limite. Yon premye kote pwodiksyon an fèt an degout ; yon lòt kote, pa gen anpil konpayi ki envesti nan transfòmasyon pwodui bèt. Suivan yon rapò Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral te sòti sou sit li  « Situation de secteur elevage et santé animale » pou yon milyon eksplwatasyon agrikòl ki genyen an Ayiti, peyi a genyen anviwon 4 milyon volay, 2.5 milyon kabrit, 1.5 miyon bèf, 1 milyon kabrit ak 300 000 mouton. Done sa yo fè nou konprann toujou pwodiksyon vyann bèf, vyann kabrit ak vyann poul lokal yo kont pou sa kliyan yo mande achte sou teritwa nasyonal la. Nou menm voye vann Repiblik Dominikèn anviwon 50 000 kabrit chak ane pou yon montan prèske 2 milyon dola US. Men kanta pou ze, lèt, vyann trans fòme se pa milyon nap achte sa yo chak ane nan men etranje. Nou kapab ajoute sou sa tout pwodui esansyèl pou elvaj yo tankou manje, medikaman ak materyèl nap enpòte pandan nou te ka pwodui yo. 

Atik sa ekri pou mete limyè sou tout posibilite envestisman ki genyen nan sektè elvaj la sou demann mache lokal tankou entènasyonal la. 

1) Vyann ak pwason pou moun manje
- Elvaj ki plis fèt an Ayiti se bèf, kochon, kabrit, mouton, volay (poul, kodenn, pentad kana) ak bèt nan dlo. Nan dènye tan sa yo, nou jwenn tou elvaj kay, pijon. 
- Nou pap bliye pwason yo ak tout bèt nan dlo yo peche pou moun manje. 
- Elvaj ensèk espesyalman pou konsomasyon moun ak bèt

2) Komès pwodui derive pou moun manje
Anplis pwodiksyon bèt yo pou vyann, toujou nan domèn alimantasyon, yo eksplwate yo tou pou ze, lèt ak sou pwodui lèt, myèl, jele, elatriye

3) Transfòmasyon pwodui pou konsomasyon
Nan de kategori nou sot site anlè yo, gen posibilite transfòmasyon pwodui yo. 
- Vyann yo transfòme an : sosis, janbon, òtdòg, vyann epise. 
- Ze yo konsève epi transòme sou fòm likid (blan ze likid, jòn ze likid), seche (ze an poud), elatriye. Yo vann tou, angwo, ze ki bouyi. 
- Lèt transfòme an lèt an poud oswa likid nou kapab bay kòm egzanp lokal Lèt Agogo ki fè lèt cho pou vann, lèt a chokola, a gou frèz ak yawout. Nou pap bliye lòt pwodui tankou bè, fwomaj…
- Itilizasyon san bèt nan konpozisyon manje bèt
- Grès kèk bèt tankou kana itilize pou fè manje, luil pwasonitilize pou fè manje oswa konsomasyon dirèk
- Pwodikasyon jelatin gras ak kolajèn ki se yon pwoteyin ki lakay bèt yo. Yo itilize jelatin nan nan kizin, nan patisri, elatriye. 


Foto 1.- Lèt ak Yawout  « Lèt Agogo » pwodui 

Foto 2- Sosis, òtdòg, salami antrepriz Carisa pwodui an Ayiti

Foto 3.- Grès kana konpayi Frère Danos pwodui 

Foto 4.- Poud je latin pou patisri konpayi Italiano 

Foto 5.- Jòn ze, ze antye, blan ze likid konpayi ADCD pwodui 




4) Transfòmasyon pwodui pou endistri textil, estetik ak kosmetik
- Po bèt yo itilize pou fè kui, menm jan plim ak lèn yo itilize pou fè rad
- Nan kèk peyi nou jwenn yo itilize kòn, dan ak defans kèk bèt tankou elefan pou fabrike bijou. Men akoz aktivite sayo mete lavi bèt yo an danje pou jan yap chase yo san kontwòl, yo entèdi yo nan kèk peyi. 
- Pèl yo jwenn nan “bèt a kò mou san eskelèt “ yo itilize pou fè bijou
- Bave kalmasnon, myèl, lasi, gliserin, keratin, elatriye itilize nan pwodui kosmetik, pwodui pou cheve
- Sivèt, kastoreyòm ki itilize nan konfeksyon pafen
- Grès bèt yo itilize nan fabrikasyon savon, penti


Foto 6.- Sivèt pou mete nan pafen anbouteye nan konpayi ARTS-SET

Foto 8.- Bave kalmanson anbouteye nan konpayi CURAE 

Foto 8.- Kit pwodui kosmetik (krèm, sewòm) ki fèt ak bave kalmanson nan Institut Claude Bell


5) Pwodui pou famasi
- Pwodiksyon jelatin pou fè pochèt pou kenbe medikaman, pou pat pou bwose dan, 
- Pwoteyin, vitamin pou konsomasyon moun

Foto 9.- Pakè pochèt an jelatin pou mete medikaman pwodui nan konpayi Lymeherbs


Foto 10.- Pochèt jelatin ak medikaman (sous enkoni)



Foto 11- Luil fwadmori konpayi Nature’s Bounty ap vann



6) Transfòmasyon pwodui pou domèn agrikilti
- Kaka bèt yo valorize nan pwodiksyon fimye
- San, farin pwason, farin zo itilize pou fè manje bèt
- Genyen pwodiksyon ensèk espesyalman pou fè manje moun ak bèt

7) Elvaj bèt konpayi
- Chen (drese pou sekirite oswa pou bèt konpayi)
- Pwason (pou akwaryòm) 
- Elatriye

8) Pwodiksyon manje bèt
Filyal alimantasyon bèt la reprezante yon gwo mache paske anpil nan manje nap itilize pou chen, poul, lapen, pwason, elatriye, se aletranje nou achte yo. Epitou, si nou vle fè gwo elvaj, fòk nou ba yo manje ki bon kalite, bon pri epi ki aksesib. 

9) Pwodiksyon gaz biyolojik
Gen gwo eksperyans ki fèt pou montre posibilite pou itilize grès bèt esans pou motè avyon. Yo konsidere menm ke se yon gwo avantaj nan batay yap mennen kont gaz kabonik yo. 

Fòk nou konprann ke lè tout nòm ijyèn ak pwodiksyon yo respekte, pwodui nou site la yo genyen yon mache entènasyonal ki louvri devan yo. Kidonk, nan mond nap viv la, nou pa kapab limite tèt nou sèlman a teritwa nasyonal la nan zafè biznis. Men, malgre jan opòtinite yo anpil, gen anpil kontrent ki kanpe anfasdevlopman endistri pwodiksyon ak transfòmasyon bè yo. E nan peyi Dayiti, sitiyasyon sosyo-ekonomik lan kreye lòt kategori kontrent. Nan yon lòt atik, nou gen pou nou pale de tout kontrent ki genyen nan elvaj bèt an Ayiti e ki merite atansyon nou pou n vize yon devlopman sektè a. 


P. S. : Li tap toujou pi enteresan si nan egzanp nou chwazi pou chak pwodui yo, nou te mete pwodui lokal. Men, akoz yon mank maketin bò kote sèten pwodui lokal, epi enpòtans pou nou montre lejitimite konsèy nou yo, nou oblije bay egzanp kèk pwodui etranje. Note byen silvouplè, pou pwodui nou site ak montre foto a, pa gen okenn afiliyasyon maketin dèyè yo. Mèsi

Comments

Popular posts from this blog

Atansyon ak maladi chabon !

Kisa  “ maladi   chabon ” an  ye  ?  Chabon se yon maladi yon bakteri (nou pa kapab wè li sou je) kirele « Bacillus anthracis » lakoz, nou jwenn li nan tout peyi nan mond lan e sitou lakay mamifè yo (domestik, elvaj tankousovaj). Men bèt ki manje zèb yo pi fasil trape li (bèf, cheval, kabrit, mouton…). Zwazo yo ka trape maladi chabon tou, men li pa fasil. Youn nan gwo pwoblèm ki genyen ak Bacillus anthracisla, sèke li pa janm fin disparèt vre. Lè li pa jwenn bon kondisyonpou li devlope, bakteri a vin fòme yon koki. Li rete kache anndan koki sa jiskaske kondisyon yo vin pi bon. Koki sa kakache nan tè a, nan manje bè yo, nan dlo. Se sa ki fè, li konseyepou yo pa itilize keseswa pou fè jaden osinon pou gade bètteren/ espas kote bèt ki te gen maladi a te pase. Maladi chabon gen yon enterè pou sante tankou pou sekiriteakoz nan lane 2001, nan peyi Etazini, de moun voye nan lapòsde koli pyeje ak Bacillus anthracis sa ki te vin lakoz 22 moun te trape maladi a epi 5 te ...

Vè Parascaris equorum lakay cheval

Foto 1.- Lo Parascaris equorum konsève nan fòmòl nan laboratwa parazitoloji. Kredi foto : Félix Christ-Love Entwodiksyon Vyann cheval, sòti nan Nò rive nan lwès, ase popilè an Ayiti. Men, konsomasyon vyann cheval se pa yon pratik otorite konsène yo mete aksan sou li. Sa vin lakoz sektè sa pa òganize ditou. Pa gen okenn politik ak enfrastrikti pou kontwole ni bèt yo, ni vyann yo, pa gen vaksinasyon pou bèt yo, pa prèske gen etid ki fèt sou yo ; alafen popilasyon an ap manje cheval sou kont Bondye konnen.  Sitiyasyon sa tou lakoz kèk deriv. Nou souvan tande skandal ki vle fè konnen yo fè vyann cheval pase pou bèf. E pou byen di se yon bagay ki rive vre menm nan gran peyi. Nou ka site kòm egzanp « Horsemeat scandal » nan lane 2013 kote lè yo t al analize vyann nan kin (mamit aliminiyòm) yon gwo konpayi ki vann vyann bèf nan tout ewòp la, yo te jwenn anpil kin te gen tras vyann cheval ladan yo. Skandal la te eklate nan peyi Ilann e li ta pral kontinye nan divès peyi nan ewòp.  Sa ...

Pwason fougou, pwazon zonbi, nan kizin, lasyans ak kilti ayisyen

Foto 1- Fougou  Sous :  https://luxury-place.fr/2023/08/30/le-poisson-globe-un-architecte-et-seducteur-sous-marin-qui-drague-en-dessinant-des-ronds/ Pwason sa a nap gade nan foto a rele fougou an franse yo rele li tou « poisson globe ». Se yon pwason w ka jwennn tout kote nan mond lan, e anpil nan kote sa yo, yo manje li men se toujou avèk anpil prekosyon. Pa egzanp, nan peyi Japon, pou w kuit ak vann fougou nan restoran ou, ou oblije gen yon sètifikasyon fòmasyon, yon patant gouvènman an ba ou. Se gouvènman an menm ki jere fòmasyon pou mèt fougou yo afòs yo konsidere ke se yon manje ki danjre.  Kisa ki lakoz fougou an danjre konsa ? Sa ki lakoz fougou an danjre konsa se yon toksin yo rele« Tetwodotoksin ». Pati pi spesifik yo ak kantite yo jwenn toksin lan depann de varyete bèt la, men jeneralman yo jwenn li nan fwa, nan je, nan gonad yo (pati seksyèl yo) ; entesten ak nan po a. Yo pa kapab di sou je pati si genyen toksin nan nan chè pwason an. Men avèk eksperyans pechè...