Tablo 1- Tablo konparezon ant bezwen nitrisyonèl moun ak valè nitrisyonèl kèk vyann yo konsome an Ayiti Nan tablo 1 an, pandan nou ekspoze kèk valè nitrisyonèl kèk vyann yo konsome an Ayiti, nou tou pwofite fè paralèl avèk bezwen moun (fanm ak gason)pou yon jou pou menmeleman nitritif sa yo. Men atansyon, valè nitrisyonèl vyann yo varye suivan moso vyannou konsidere a. Done nou bay la yo, se de done mwayen USDA (United State Departement of Agriculture) prezante pou chak vyann suivan ke li griye, bouyi, elatriye. Konsa tou, si nou mete 0 kòm kantite Vitamin C nou jwenn nan vyann, nan kèk patitankou aba yo, rezilta apwofondi ap montre prezans yon ti vitamin C kan menm. Sèlmankantite a ap minim epi jan nou di a, li depann de pati nan kò bèt la. Entansyon travay sa a se sevi kòm gid nitritif baze sou vyann yo pou ede konsomatè yo regle rejim alimantè yo. Yon rejim konplè ap mande pran an konsiderasyon lot mineral ak vitamin yo epi entegrelòt aliman tankou fui, legim yo.