Skip to main content

Posts

Showing posts from March, 2024

Elvaj ak konsomasyon vyann, ant danje ak nesesite

  Lè y ap konsidere defi ki genyen jounen jodiya nan zafè pwoteksyon anviwònman akoz polisyon ak chanjman klimatik, lè y ap konsidere preokipasyon ki genyen pou sante moun   akoz aparisyon ak devlopman yon pakèt maladi tankou dyabèt, obezite, maladi kè ak venn, san konte zowonoz yo, nan konsiderasyon pwa elvaj ak konsomasyon vyann bèt ak pwason genyen nan sosyete nou nan moman an, anpil pèsonalite, syantifik sitou, lonje dwèt sou elvaj ak konsomasyon vyann kòm youn nan eleman responsab pwoblèm sa yo. Nan travay tèks sa a, nou ap mete fas a fas agiman ki apiye ak sa ki voye jete elvaj ak konsomasyon bèt yon fason pou nou kapab balanse yo epi rive montre enpòtans ak limit aktivite sila a.     Moun ki kont elvaj ak konsomasyon vyann bèt yo montre agiman yo sou divès plan. -        -     Sou yon plan anviwònmantal, elvaj lakoz 14,5 % nan kantite total gaz ki chofe tè a. Sa soti sitou nan itilizasyon angrè (yo ilitize nan pwodui ...